Verite nou dwe konnen sou akouchman

Lè yon moun ansent li pa tèlman ka fè efò men li fasil poul chache konnen

Kontraksyon akouchman:se yon bagay nòmal nan fen gwosès la pou fi gen kontraksyon kote ki pwovoke gwo doulè gen moun ki konn menm endispoze,sa ka rive gen moun ki gen moun ki gen kontraksyon chak 15 ak 20 minit pandan 1 èdtan oubyen 2 èdtan.

Siw santi w preske akouche pa rèt tan:nan premye timoun nan dilatasyon an pran plis tan men si se dezyèm timoun lap fèt pi rapid se sak fè fòw pa pèdi tan ke kouri al lopital,depiw santi timoun nan ap desann se kouri al lopital nan mwens ke 1 èdtan.
unnamed (17)

Siw gen jimo nan vant ou:80% nan moun ki gen marasa nan vant yo pa rive 40 semèn paske moun sa yo toujou akouche a lè,se pa anyen konplike se yon bagay nòmal pa fè tèt cho toujou konsilte doktèw chak tan pouw ka konn sa kap pase.

Gen fi ki pèdi fòs pou yo pouse apre yon enjeksyon:verite a seke 85% fi santi yo vle pouse san,25% sèlman ki santil anestesi a,men sa pa anyen menm si moun nan pa santi pouse sa pa vle di li pap ka akouche jis wap swiv sa jinekològ la ap di a.
unnamed (18)