Ji koulè

Yo di fri yo se pou manje epi vejetal yo se pou bwè men sin te ka melanje tou de nan yon vè li tap pi bon se pa sèlman enèji lap bay,yap edew dòmi pi byen tou.Bat pouw fè pwòp ji paw ki pap pranw anpil tan sa pap pran menm 15 minit,bon siw pa gentan depi aswè ou koupe fri yo lap pi fasil pouw nan maten.
Gen kèk bagay ou bezwen konnen pouw ka fè yon bon ji vejatal melanje ak fri,premye sa pouw fè se chwazi koulè yo,siw vle yon ji ve separe sereli a,pèsil oubyen epina.Siw vle yon ji pi wouj separe betwav ak kawòt la.

Dezyèmman,pran pòm,fig mi,anana,mango,siw vle yon ji pi bwès,li tap bon siw mete yon ti jenjanm se pi bon engredyan pou dezentoksike kò a.
Finalman,ou ka varye ji yo,ide a se pouw renmen ji wap fè a,nou konnen gen anpil moun ki pa renmen ji sa yo men li bon anpil gen anpil lòt ji chimik ki pap itil kò a anyen,pa pranl chak jou paske òganis lan bezwen chanje chak tan nouvo gou ak engredyan.Toujou chwazi 2 oubyen 3 vejetal epi youn oubyen 2 fri.
Nou kite kèk resèt pou ou jodia
Ji vèt
1 vèt pòm
1 sitwon
1 zoranj
epina
yon ponyen pèsi
½ anana
f

Ji dous vèt
epina
mango
Yon ti dlo
193763879_554a89feb6_b

Ji wouj
pòm
jenjanm
seleri
kawòt
betwav
pèsi
red-cocktail-glasses

Nou espere ti resèt sa yo itil ou,se pa gou yo gou sèlman yap itil ou anpil pou santew ak fanmiw,yo pa move se nan tèt ou move a ye,fè yo ak anpil lanmou epi wap wè se sèl ji sa yo wap vle bwè.