Pòmdetè ak ton,yon resèt fasil

Resèt sa fasil anpil,eseye fèl pou w wè,ou pap regrèt,se yon bon lide pou yon manje ki pa konplike ni pran anpil tan,ou ka akonpanye l ak yon bèl moso vyann oubyen pwason anba fou.
Engredyan
5 pòmdetè
150 g ton
1 ze
20g bè,sèl ak pwav
1 zonyon
1 piman pike
1 piman dous
unnamed (15)
Preparasyon
Kale pòmdetè yo,mete yo bouyi pou 25 minit,apre sa kareze l ak yon kiyè pa kraze l twò fen epi metel ann yon bòl,koulè ton nan,rache byen fen piman pike ak dous la,zonyon,melanje tout apre sa ak ze a,epi fè dènye melanj lan ak pire pòmdetè a fè yo tankou ti boul pase yon nan farin,mete yon lwil byen cho epi lage l nan lwil la pou 2 minit pa kitel boule,konsa tou ou ka mete anba fou pou 25,30 minit.
61068219_5e8f6f9cdc_b