Benefis ki genyen nan fè sèks pandan gwosès

Lè yon gwosès vini toujou gen yon kesyon ki atake lesprin,tèt la komanse ap reflechi anpil,nou vle konnen tout bagay anvan nou fèl pou sa pa mete lavi timoun nan andanje.Lè moman relasyon entim lan rive gen anpil moun ki gen dout sou sa oubyen pè antre nan entimite ak maril.

Jodia nou vin eklèsiw kèk bagay

 

Ou dwe asirew pou fè sèks nan pozisyon w santiw konfòtab la pouw ka jwi epi moman sa kap pote plizyè benefis
ògan yo rann misk ki nan basen yo fò,se yo ki pral ede w akouche epi ede yo refè pi vit toujou apre akouchman ,sa edew pa pipi souvan nou konnen gen moun menm si lap ri sèlman pipi tonbe sou li kòz li nan peryòd gwosès li.

sexo-embarazo_0

Sèks pandan gwosès ka anpeche preeklanpsi ki pwovoke tansyon wo.Nan espèm oswa dechaj gen yon pwoteyin ki ede kò a kontwole sistèm iminitè paske lè yon moun ansent li vin pi frajil toujou,lèl gen yon bon sistèm iminite sa ap edel epí rann li pi fò devan nenpòt bakteri oubyen viris ki ta soti pou mete l ak pa timoun nan andanje.

Lèw antre nan entimite nan moman gwosès li ogmante pwodiksyon oksitosin ki diminye estrès.
Sèks la diminye presyon wo.

Li pemèt yon bon kominikasyon epi amelyore relasyon w

avantaj yo anpil pou yon moun ki fè sèks nan peryòd gwosès,ou pa bezwen pè jwi moman sa trankil epi ti bebe a pap gen anyen se jis yo fason wap aktive anpil bagay nan kò a kap bon pou ou lè jou akouchman ni apre tou.