Tout saw dwe konnen sou esterilizasyon ak chatre bèt yo

Pwosesis sa anplis lap ede pou pa gen twòp bèt nan lari a,li ede tou nan sante chen ak chat ou a

Poukisa mdwe esterilize chen ak chat mwen an?
Sante
1.Esterilize femèl chat ak chen an anpeche kansè nan tete se yon maladi mòtèl nan 50% femèl chen ak 90% nan chat epi li anpeche enfeksyon irinè.
2.Li anpeche kansè nan testikil si sa ta fèt anvan 6 mwa,epi lap anpeche pwodwi plis bèt toujou sitou siw paka jere anpil bèt oubyen ou pa gen kote pouw mete yo.
Konpòtman
1.Lè femèl la esterilize sa ap fèl pa fè jalouzi,pap gen goumen ni pipi nan tout kay la sa yo se siy ki montre li vle gason.
2.Gen yon chat ak yon chen chatre,sa vle di,se gen bèt sa yo pi ini nan kay la,yo pap volè sòti deyò ni atake lòt bèt.
Gato_9-_Con_perro_durmiendo
Sonje
Gen dè milyon chen ak chat kap viv nan lari,kòz gen sipopilasyon,gen twòp kantite femèl ki pa esterilize.Anpil nan bèt sa yo mouri abandone oubyen sakrifye.
Lari a se yon kote ki danje anpil pou yo epi yo ekspoze ak anpil malè tankou machin,moun kap ba yo kou,lòt bèt kap bat yo,eske w konnen yon chat kay ki soufri yon atak de yon lòt kap viv nan lari a ka kontamine ak VIF
Pri pou fè operasyon a ka varye sa depan peyi a,siw pa gen anpil lajan chache konnen ki kote ki pi ekonomik pouw ka fè operasyon an.
Tout san dwe konnen sou pwosesis sa
Pwosesis sa fasil epi komen,li rekòmande pou reyalize lè bèt la gen 2 mwa,lap pi fasil poul geri
Operasyon an ka reyalize nan nenpòt moman,sèl nan femèl chen ak chat ki jalou
Pwosesis nan femèl la dire 20 jiska 45 minit ak yon chiriji nan vant ak anestesi epi nan mal yo se 15 jiska 25 minit.
Menm si veterinè a ap ekplikew kijan pouw pwotejel apre operasyon an men gen kèk rekòmandasyon jeneral ou dwe swiv tankou evite gwo egzèsis,pa kite l niche malad la,pa kitel manje anpil ni bwè twòp dlo.
Li ka gen siyal sa yo apre operasyon an
lafyèv
emoraji
Bèt la ap santil san fòs apre de jou pwosesis la.