Poukisa yon moun bezwen gwosi?

Rezon pou yon moun ta renmen gwosi se:
Pou twò mens
Pou pwòp konplèsk moun nan
Manke misk
Pou plis fòs
Pwoblèm òmòn(ipètiwoyidis)
Manke apeti
Pou kèk pwoblèm sante
Pwoblèm nan fwa,kè,ren,sida,elatriye
Manke apeti kòz yon medikaman

Cómo ejercitar los glúteos medios

Nenpòt sak ta anvi w pran yon ti pwa anplis,toujou bat pouw fè l natirèl.Siw bezwen gwosi,wap bezwen manje plis kalori,sa pa vle di pou w manje tout sa w jwenn sou wout ou paske sa ap fè w gen varis,grès akimile ak lòt maladi.
Si wap manje bagay nan boulanje ki gou,men yo gen grès ki absòbe vit,ou gen risk pou fè dyabèt,tansyon wo,obezite, ogmante kolestewòl ak trigliserid.Pou sa pa pase w wap bezwen manje kalori ki gen eleman nitritif tankou:nwa,zaboka,yogout,fri sèk,elatriye

Si w bezwen gwosi,wap gen pou pran plis pwoteyin,ou dwe konn konbyen kalori pou w pran chak jou,pou sa wap gen pou cheke yon nitrisyonis.