Tretman ak jenjanm kont pèt cheve

Jenjanm bon pou sante tankou bote,li sòti nan peyi Lachin,li rich nan lwil esansyèl,vitamin,mineral,antioksidan ak asid amine.Li bon pou pwoteje cheve a epi aktive pous.

Pwopriyete jenjanm pou anpeche pèt cheve
Favorize sikilasyon ak aktive kwasans.Asid gra nan rasin jenjanm nan bon pou cheve fen,favorize restorasyon l ak swen.Depi gen kap lap favorize cheve a tonbe souvan nou gaspiye anpil kòb nan achte pwodwi chimik ki pa menm fè anyen,siw pat konn sa jenjanm se yon bon pwodwi natirèl pou retire kap.

Kijan pou prepare mask jenjanm?
Remèd sa pa dwe fèt chak jou pandan yon mwa,lap pi efikas si nou fè 15 minit ak bal masaj lèn fin aplike l konsa po yo ap absobe l byen.

Ann wè sa nap bezwen yo ak kijan yo prepare l?

Kisa mwen bezwen?
Yon gwo kiyè jenjanm kraje
Yon gwo kiyè lwil jojoba (oswa lwil oliv)
Kouman pou mwen prepare l?

Kraje jenjanm nan,apre sa pran yon kiyè mete l nan yon tas epi mete lwil jojoba ladan,nou ka jwen lwil sa nan famasi,bouk¿tik ki van pwodwi natirèl konsa tou siw pa genyen l itilize lwil oliv,pa aplike l sou cheve mouye,chak tan wap bal masaj wap santi po tèt la ap cho sa se yon siy ki pwouve jenjanm nan ap fè travay li tan 5 minit anvanw rense cheve a,lè wap fèl itilize dlo tyèd ki pa twò cho.Nou espere ou jwenn yon bon rezilta,se chak 8 jou w lave tèt ou tou ou ka aplike l.