Koup ki pa menm relijyon: Konsèy pou evite pwoblèm

Nou pral baw kek bon konsèy pou tout bagay ale byen
Gen yon mennaj oubyen mari ki pa menm reliyon ak ou ka yon konplikasyon jan nou diw la siw pa konn kijan pouw afwonte l,sa pa vle di li difisil pou kenbe yon relasyon ak yon moun ki gen lòt kwayans,men jis ka gen ti pwoblèm nan diferyans ak jan chak reliyon adopte l,li enpòtan pou n swiv yon seri konsèy pou evite pwoblèm.
Kijan m ka evite pwoblèm ak patnè w ki pa gen menm kwayans ak mwen?
Pwoblèm nan yon koup se yon bagay komen ki parèt depi nan premye jou moun yo rankontre nan fè ti jalouzi elatriye,diferyans nan abitid,li enpotan pou gen prekosyon pou nan nenpèt bagay sòti byen.
Konsèy pou evite pwoblèm yo se
Tolerans:Se sak pi enpotan pou yon stil relasyon konsa fonksyone,gen tolerans ak respe pou kwayans lot moun nan,verite relatif an fonksyon lespri kote ki enteprete reyalite ak respekte reyalite lot moun.Pa janm evite venk konviksyon yon moun.
Pataje:Menm si nou se reliyon diferan nou dwe pataje youn lot ekperyans nou sa pa vle di nou pral chanje nan san kwe se yon konesans anplis,pafwa youn ka akonpanye lot nan jan aktivite sa yo,sa pa vle di wap a lide w,men pito yon fwa inivesel.
Respè:Respè mityèl pou lafwa enpòtan,menm jan ou respekte kwayans moun nan,li dwe respekte pa w.Pa dwe gen inegalite nan relasyon an,janw vle pou moun respekte sa w kwe se menm jan pouw fe pou lot yo tou.
Antouraj:Si antouraj ou pa dako reliyon sa pou ou ,fe yo konprann yo pa dwe pa vle we patne w pou sa se ou ki renmen l ,lanmou ka geri ak pasyans,fos pa regle anyen,pafwa nou pa vle we yon moun pou reliyon san nou pa menm we bonte moun nan ye a.
Plan fiti:Li enpotan poun pale sou tem ki ka bay pwoblem nan fiti poun ka rive nan ako epi rete trankil tankou siw poko marye ou pral marye ak moun nan ki pa menm reliyon ak ou ,li enpotan poun konnen nan ki reliyon maryaj la ap fet.
Nan yon relasyon tout bagay bon pou pale pa pran anyen senp,sak paret pi senp lan pi devan ki ka pi gwo pwoblem koup la