Kijan pou diminye kolestewòl?

Tout kolestewòl nap manje yo se sak ki sòt deyò ,twòp konsimisyon kolestewòl ka lakòz yon maladi ke,acv ak lòt pwoblem ankò.Nou dwe konnen kolestewòl nou jwenn li selman nan bet sa vle di tout sa gen orijin vejetal pa gen kolestewòl,manje anpil fwi ak vejetal se pou bon sante ,nou ta dwe vyann wouj 1 fwa nan semen an.

Nap bezwen chanje abitid kòmanse chanje alimantasyon ,si ak tout sa pa gen chanjman konsilte yon kadyolog lap diw si pou w pran medikman pou sa,konnen tou se pa selman nan manje a pou abitid yo chanje fòk ou sispan fimen,bwe epi pratike egzesis fisik tout sa o diminye nivo kolestewòl la.

Li enpòtan pou modifye abitid ki pa ansante tankou:alkòl,tabak,trigliserid,twòp alkòl ka ogmante nivo kolestewòl la poutet sa ou dwe sispan bwe alkòl fi kou gason ,li enpòtan pou yon moun kite fimen paske li gate veso san yo ,sa gen pwobabilite pou kanse ak maladi ke devlope ,evite twop kafe ak sel.

Egzesis tankou mache,kouri,monte bisiklèt se pi bon egzesis pou diminye kolestewòl yo dwe fet pandan 30 minit pi piti 5 fwa nan semen nan sa depan tou kondisyon fizik chak moun.
Wap bezwen manje fwi,vejetal,sereyal entegral ,legim,let light