10 Siy pouw wè siw nan yon bon relasyon

Tout moun ta renmen viv yon bon relasyon,pa gen moun ki ta renmen nan yon relasyon egoyis,imilyasyon,nan yon sans nou te ka diw yon relasyon ki malad.Ti konsèy sa yo pral edew wè siw nan yon relasyon ki bon,relasyon an gendwa pa bon,men se pa tout moun ki ka wè sa,ak Fanm Kreyòl nou pral diw kijan pouw ka idantidye sa.
1. Ou konn ri ak patnè w?
Ri bon pou lasante,espesyalman nan yon relasyon.Si w kapab ri de tan zantan ak patnè ou li tap bon,se yon bon siy lè patnè w ap souri ak ou,sa vle di bagay yo ap byen mache,youn santi yo alèz ak lòt.Eseye ri ak patnèw li te mèt yon fwa nan jounen an,chache yon bagay pou nou ri ansanm menm si se yon jwèt,yon komedi nan televizyon,yon konvèsasyon sou yon bagay ki amizan.
shutterstock_280352924
2. Tou de kapab rekonèt erè yo
Li gendwa difisil pou yon moun rekonèt sal fè ki mal,pa gen moun ki pafè,nou tout fè erè.Patnè w komèt erè chak tan,itilize yo pouw rekonèt paw yo tou.Men,korije ak amelyore kòm yon moun ki nan yon relasyon,lè gen yon diskisyon rekonèt saw fè ki mal la,gade si patnèw la gen nivo poul rekonèt erè l tou.Rekonèt nou fè yon bagay ki pa bon ansanm poun ka pran yon solisyon kap bon pou nou tou de epi gen fòs poun mande padon,konsa nap gen yon bon relasyon.
3. Gen plan pou lavni
Kote nou ka pale sou lavni nou ansanm,planifye plan ansanm,si moun nan pa janm vle pale sou lavni sa se yon bon siy,ki pwouve moun nan se yon ti tan lap pase ak ou.
4. Aprann padone
Si youn lòt gen fòs pou padone lè gen yon bagay mal ki pase,relasyon an ap vin pi fò.Si nou pa padone epi kenbe rankin oswa toujou ap sonje erè moun nan fè,konsa konfli yo ap ogmante epi relasyon an ap depafini.
2017-03-07-13-24-53-725x483
5. Gen respè pou espas pèsonèl moun nan
Se yon bèl bagay lè gen konfyans youn pou lòt nan relasyon an,se pa toutan nap kab ansanm,pafwa moun nan bezwen espas li,si gen bagay ou ka fè pou kont ou fèl,si patnèw gen bagay poul fè tou kitel fèl ak anpil konfyans.
6. Egalite ak jistis.
Toujou jwenn saw bezwen sa pa vle di se yon bon relasyon,sa se yon siy wap panse ak tèt ou sèlman,li pa bon chak tan se saw vle a oubyen sa moun nan vle a ki pou fèt,yon jou ap rive youn nan nou ap bouke ak vi sa epi tout bagay ap fini.
7. Sipò nan moman difisil
Yon bagay ki pa dwe manke nan moman difisil se soutyen youn pou lòt,se pa sèlman lè gen kè kontan pou moun nan la,yon bon relasyon bay sipò yo nan bon kou move tan,chak moun bezwen yon bon akolad,kriye,karès,ri,pase men nan tèt moun nan,konsole.
8. Pale sou tout bagay
Pale de tout bagay san gad dèyè,siw marye ak moun nan ou pa alèz kilè wap rilask ak li,pa kite pwoblèm yo grandi pou pi devan pa gen yon boM ki eksploze.
couple-stretching
9. Respè youn pou lòt.
Lè pa gen respè youn pou lòt,gen yon bagay kap fè fay,men malgre diferyans chak moun ak anpil respè,relasyon an vin gen plis fòs,aprann respekte limit.Respè se yon bagay endispansab pou tout bon relasyon.
10. Konfyans
Yon bon bagay ki ka pwouve kew nan yon bon relasyon se konfyans,lè pa gen konfyans relasyon an ap detwi,li difisil lè pa gen konfyans youn ak lòt pou relasyon sa kanpe,gen dwa gen plizyè jou patnèw ap sòt travay ta,sa pa vle di li nan yon bagay,pafwa ka gen travay anplis.Toujou fè atansyon pouw pa sispèk anyen sou patnè w pouw ka viv byen,paske mefyans se destriksyon.