Pratike egzèsis fizik amelyore kondisyon yon moun ki pral manman pou premye fwa

Egzèsis anpeche moun nan gwosi epi favorize koreksyon posti a.Egzèsis fisik la bay fanm ansent,pi bon kondisyon fizik,yon peryòd jestasyon an sante ak yon akouchman ki gen mwens risk.
Anvan w komanse asirew pa gen rezon medikal ak limite pou fè egzèsis
Benefis ki pi eksepsyonèl yo se:
Li diminye enkyetid,depresyon ak lensomni
Li ogmante byennèt sikolojik,li kreye abitid yon vi an sante
Amelyore tansyon
Pwoteje kont dyabèt jèstasyonèl
Diminye malèz dijestif ak konstipasyon
Diminye rekiperasyon apre akouchman ak diminye kantite sezaryèn
Li enpòtan pou mete aksan sou preskripsyon egzèsis fizik la,li dwe endividyèl epi regilye.Pou fè egzèsis byen,fiti manman yo dwe idrate byen,men jan li dwe gen yon alimantasyoN.li dwe bwè dlo anvan,pandan lap fè egzesis epi lèl fin fèl epi itilize rad ak soulye espò ki konfòtab.
unnamed (4)
Li dwe evite
Fè egzèsis fizike entans
Pa fè egzèsis plis pase 30 minit,oswa pratike nan tan cho ak imid,pou risk dezidratasyon oswa ipètèmi
Egzèsis vole,kou ak chòk nan vant
Pozisyon kouche sou do pa plis pase 3 min
Finalman, nou dwe pran chaj kote nou ye a epi swiv yon seri swen nan chak moman
Premye trimès gwosès la
Medam ki konn fè egzèsis yo,ka kontinye pratike l,men ak modifikasyon,san gwo efo.Pou fi ki pa fè egzèsis fasil,pa pratike nouvo egzèsis nan moman jestasyon,yo rekomande moun sa yo yon pwogram espesyalman pou moun ki ansent
2yèm ak 3yèm trimès gwosès la
Pandan peryòd sa a,yap chache aktivite ki devlope kalite tankou fleksibilite,detant,fòs nan misk,korije chanjman posti,egzèsis respirasyon,evite naje nan 6 dènye smèn yo pou evite enfeksyon.