Jodia se jou maryaj ou:kenbe kalm ou epi jwi

1.Fè yon jan pou tout bagay gentan regle yon semèn anvan maryaj la:Tout vle di tout,men si se ou menm kap oganize tout bagay pou kòw oubyen siw jwenn yon moun ki ap fè sa pouw,fè yon lis tout sa wap bezwen epi asirew tout bagay la yon semèn anvan lè a jan nou diw la.
2.Nan jou a delege yon moun pou edew epi kite lòt yo ede,mete nan tèt ou ke maryaj la se yon gwo evènman,se vre pa gen moun ki ka fè saw bezwen fè a,jou sa ou pa bezwen aplike konsep sa paske ou merite pouw repoze pou sware a.Kite fanmi ak zanmi pwòch ede w,delege moun ki intelijan.
FotoNo.2planning
3.Fè yon alandriye ak tan pou moun ki pral penyen,makiyaj,transpò,foto,pwogram elatriye byen davans.Lèw gentan de rezèv wap pi trankil ke lè jou a rive ou poko regle anyen epi pa gentan anko.
4.Konsantrew,pran swen tèt ou,si lamarye a byen,se tout bagay kap byen,fè kèk aktivite anvan jou a kap fèw rilaks,fè egzèsis,meditasyon oswa jis pran yon beny ak likid nan benwa.
FotoNo.3bañoburbujas
5.Kontinye fokis sou sa ki enpòtan,selebre lanmou ou menm ak patnè santi youn pou lòt se sa ki objektif la,pa pèdi pèspektiv la.
6.Jwi epi Fleksib,li bon pouw toujou konn kijan bagay yo ap mache,men pa rete ap panse si moun sa ap byen fè sa oubyen non,jis panse ak tèt ou,ou gen dwa pouw vle tout bagay soti byen,si yon bagay mal sòti wap konn sa.Rilaks,jwi jou sa ou tap tann depi lontan.