Ou vle sispann manje zong pou yo ka bèl epi an sante?

Gen anpil moun ki kenbe yon abitid manje zong san yo pa panse ak sal ka fè yo
enstriksyon:
Li enpòtan pouw pèsistan premye jou ou kòmanse ap kite manje zong lan,trik sa yo ka edew kite koutim sa yo dèyè
Toujou byen limen zong yo,pou pa gen chè ki parèt sou kote a,ki ka fèw gen tandans retire yo epi ou tou kòmanse ak koutim manje yo.
Ou dwe konnen nan ki moman nan jounen an,ou konn manje zong pouw ka evitel epi pratike lòt bagay pouw pa gentan pouw chita ap manje zong.
Moulen chiklèt oswa kenbe yon boul nan menw,sa ap fèw okipe epi edew pou pa mete menw nan bouch ou
Mete vèni ki gen gou anmè,yo fèt espesyalman pou moun ki vle debarase yo ak vye abitid sa a,di moun lakay ou pou yo pa kitew mete men nan bouch ou.
unnamed (91)
Pou zong yo ka kòmanse pouse epi rete bèl,fòk ou kòmanse netwaye yo depi lakay ou apre wa al nan salon pou fè yo
Limen zong yo:ak yon lim ki bon kalite pou zong yo ka pouse byen,depi se bagay pou sèvi pa pè achte yo chè paske kòw vo plis ke sa,gen bagay yap vann deyò a yo pa fin bon se sak fè yo pa chè tou,jan yo toujou di santi bon kote chè.
Ranfòse zong yo:li enpòtan pou w achte baz ak vèni ki bay zong fòs oubyen achte tretman pou fè zong di,pwodwi sa yo ap fè zong yo pa febli ni kase fasil.
unnamed (90)