Remèd ou ka fè nan kay ak vinèg pòm

Gen kèk nan benefis sa yo syantifik pwouve,gen lòt ki rete san pwouve yo pa di si yo bon oubyen pa bon.nou ka fè vinèg pòm lakay nou tou ak yon lòt pwosesis fèmantasyon,li fasil jis nap bezwen ji pòm natirèl metel nan yon ti dlo epi kitel repoze pou plizyè jou,apre lap tounen vinèg,sik ki nan ji pòm nan ap konvèti an bakteri epi ledven an ap tounen alkòl aprel tounen vinèg.
Itilizasyon vinèg pòm
1.Vinèg pòm pou pèdi pwa
Youn nan itilizasyon vinèg ki pi popilè se pou pèdi pwa,dapre yon etid yo fè sou vinèg pòm yon jwenn asid asetik ki ladan responsab pou diminye pwa kò,grès nan vant,jan yo itilize vinèg la nan sans sa se 2 kiyè nan yon vè dlo anvan manje maten,men gen lòt moun ki di li ka bwè nan nenpòt lè nan jounen an,nou plis konseye w bwè l anvanw manje.
2.Vinèg pòm nan ede kontwole dyabèt
Yon lòt benefis vinèg pòm gen ankò,li regilye nivo sik nan san,anpil etid pwouve ke si yon moun pran 2 kiyè melanje nan dlo anvan l dòmi,lap desann 6% nan nivo sik la nan demen maten,Kòm vinèg pòm nan gen Kwòm ladan,se sa ki entèfere ak nivo ensilin lan,konsilte doktè anvanw eseyel.
3.Kalme kranp nan janm lannwit
Kranp nan janm lannwit pafwa li ka yon defisi nan potasyòm,vinèg pòm nan gen potasyom pou ede konbat pwoblèm sa,mete 2 kiyè vinèg nan yon vè dlo tyèd ak yon ti myèl epi bwè l.
4.Li ka diminye aparans varis
Menm si remèd sa pa gen baz syantifik,anpil moun itilize vinèg pòm pou soulaje doulè epi redwi gwosè varis yo,mouye yon twal gaz nan vinèg ak yon ti dlo kitel repoze kote ki gen varis yo pandan 30 minit,pa janm itilize vinèg la pou kòl toujou melanjel ak yon ti dlo.Lòt janw ka fè ankò se mete 2 kiyè nan yon vè dlo epi bwèl,fè sa 2 fwa nan jounen an,moun ki fèl padan yon mwa jwenn bon rezilta.
Jabukovo-Sirce-Za-Mrsavljenje
5.Li ede desann kolestewòl ak tansyon wo
Nan kèk etid yo fè ak rat,vinèg pòm nan montre kèk prèv kote li desann kolestewòl ak tansyon wo,yon lòt etid montre ankò yon moun ki manje salad 5 jiska 6 fwa nan semèn nan ak vinèg pòm gen mwens pousantaj pou yo gen maladi kadyovaskilè.
6.Pou tous ak gòj fè mal
Yon lòt pworiyete li genyen ankò yo itilizel tankou Antiseptik,melanje yon kiyè vinèg nan yon tas dlo epi Gagari apre jete dlo a pa valel.Yon lòt opsyon ankò,melanje yon gwo kiyè siwo myèl ak yon kiyè vinèg epi sousel dousman.
7.Mask pou akne
Vinèg la pa sèlman Antiseptik,li plen lòt travay li fè,li ka restore PH ki nan po a,lè PH a desann rezilta se akne ak po sèk,melanje yon ti dlo ak vinèg pòm epi pasel nan visaj la.
8.Pou briye ak retite kap nan cheve
Vinèg pòm ka antre nan woutin pou pwoteje cheve a poul ka gen fòs epi ansante,li pa sèlman retire salte,men li fè cheve a parèt briye.Pou itilizel se toujou preske menm jan ak lòt yo mete menm kantite vinèg ak dlo nan yon veso,rense cheve a ak li aprew fin lavel kòm dabitid,fèl kòmsi se dènye dlo wap bay cheve a paske li pa rense.Lòt benefis li genyen pou cheve a se pa kite cheve a kase,Li ede kontwole friz,epi aktive pous.
9.Soulaje boule nan solèy
Fè yon losyon rafrechisan ak vinèg pòm,mete 2 kiyè l nan yon po dlo frèt,soukel byen apre metel nan yon boutèy,flitel koute solèy la boulew la,lòt bagay ou ka fè se mouye yon sevyèt pwòb ak dlo sa epi metel nan pati boule a