Konsèy pou kenbe lakay ou fre

Kisa wap bezwen fè?
Kontwole lè wap ouvè pòt la nan jounen an.Nan maten ak lè solyèl la pral kouche se pi bon moman pou bay kay ou pran van,nan rès moman nan jounen an kite fenèt yo fèmen pou kay la pa tounen yon fou.
Toujou chanje dra yo chak tan,kite sant dra ki fenk lave a inonde kay la,lèl fè cho konsa se ak dra koton pouw sèvi ke nenpòt lòt materyèl.
images (2)
Lèw wap kwit manje asire w ke pòt kizin nan fèmen.Paske fou a ap degaje anpil chalè poutèt sa ou dwe evite pou chalè sa anvayi tout kay la.
Pa bliye pwoteje kòw tou nan kay la lèl fè cho konsa menm janw pran swen kay la,mete rad konfòtab,idrate kòw,bwè anpil dlo chak tan,ou pa bezwen swaf.
Pou moun ki gen èkondisyone,li tap pi bon sil itilize vantilatè sak enpòtan se pouw santiw byen se pa pouw yon kote wap klase pa mande si wap peye kouran.
unnamed (72)
Benyen ak dlo frèt nan mwa li fè pi cho a,konsa kò a ap toujou rèt fre,menm lè wap santiw cho,lèw antre nan yon chanm ki fè cho se kòmsi w pat janm benyen,men bat pou tanperati w toujou rete nòmal.
Toujou bat pouw pran avantaj tanperati a lèl desan,menm si solyèl la akonpanye n tout jounen an,aswè se moman ideyal pou rafrechi kò a paske nou pap jwenn ak solyèl,pwofite do ak galri lakay ou pouw pase tan.
Dekore kay ou ak koulè ki pa rale chalè tankou gri,blan elatriye.