Etap pou koud yon bouton

Menm sil parèt yon bagay ridikil koud yon bouton,sou entènèt la yo montre tout kijan pouw fè nenpòt saw bezwen an menm pouw mete yon dlo bouyi pou w pa boule.pa gen anyen ki enposib pou koud yon bouton
Kòman yo koud yon bouton?
1.Ou dwe achte tout kalite koulè bouton kite mete lakay ou,pa bliye nenpòt lè ou ka pèdi yon gren bouton nan yon rad,sa rive tout moun.
2.Sak pi difisil la se file fil la,li ka difisil men li pa enposib,pran sanw byen mouye fil la ak lang ou,apre antrel tou dousman nan zegwi a.
3.Mete boton an nan plas lòt la te ye a,gade sil sou menm liy ak lòt yo,etap sa enpòtan anpil si non lèw mèt rad la,wap wèl miwo,miba,male avèti pa tiye kokobe.
unnamed (58)
4.Pase fil la nan rad la,apre antre l nan youn nan twou yo,asirew tout fil la pase anvan retounen pasel ankò
5.Koud plizyè fwa jiskaske w santi bouton an byen asire,lè se yon bouton ki gen 4 twou asirew ke yo tout 4 la byen koud.Gen moun ki konn fin koud,bouton an sòti koul mèt rad la paske gen yon bagay kite mal fèt,nenpòt sa wap fè toujou fèl ak lanmou.
6.Lèw fin koud,fè yon ne anba rad la,apre fè yon lòt ankò pouw ka konnen li pap sòti,koupe rès fil ki rete a epi w fini.
Ou wè janl fasil,fi kou gason ka eseye,an gade pouw wè siw kapab.