Tout saw dwe konnen sou vitamin A

Ki manje ki rich nan vitamin A?
Kawòt,patat,Chou,epina ak joumou,men melon,abriko ak seriz yo tou se fwi ki gen vitamin A yo dwe enkli nan rejim alimantè w.
Menm bagay la tou pou bè,fwomaj kabrit ak jòn ze,ki pwopriyete vitamin A.men ou dwe manje ak moderasyon paske nivo yo wo nan kalori.
Benefis nan Vitamin A
Pwoteje vizyon
Fòm vitamin A adopte nan vejetal yo,ede anpeche(katarak,glokòm,avèg,elatriye)ki ka rive yon moun ki nan laj.Youn nan manje sa yo ki ekselan anpil se kawòt la.
unnamed (15)
Amelyore sistèm iminitè
Vitamin A amelyore pwodiksyon defans kò ak repons antikò.konsa,li ede kenbe yon sistèm iminitè ki fò
epi li goumen kont enfeksyon ak maladi.Eleman nitritif li yo patisipe nan konstriksyon ak antretyen manbràn nan kèk ògàn tankou poumon ak lestomak.
Ede nan kwasans timoun
Vitamin A se yon eleman nitritif esansyèl nan anfans,anpil nan pwopriyete l yo enfliyanse pwosesis nan kwasans ak devlopman zo a depi tou piti.
Kisa w panse de vitamin a pou lasante?kiyès nan tout ki etonew plis?
Pou nou fini,vitamin A amelyore kondisyon nan cheve ak zong,anpeche moun soud epi amelyore dijesyon.