Mont se yon bagay enpòtan,men fòk ou konnen kijan pouw chwazi l

Fòk ou fè anpil atansyon nan chak mont nap chwazi,ak kisal fèt,koulè,desen pouw ka wè ak ki rad li prale,pa achte pou achte ni pou bèl men fòk li ale ak rad ou.
Siw gen yon randevou travay,ou ka mete yon mont metal oubyen yon koulè ki ale ak braslè w,men pou yon randevou aswè tankou yon maryaj oswa seremoni,li ka yon lò oubyen ajan fon nwa.Anplis pou al travay chak jou li ka yon koulè nwa,ble,mawon,woz,elatriye tout sa depan de koulè rad wap mete a.
unnamed (24)
Konsèy
Gade soulye w.Sil fòmèl,mont lan ta dwe konsa tou
Si soulyew komen,ou ka desann nivo protokòl la,men bat pou mont lan toujou ale ak youn nan bagay ki sou ou a li te mèt sete sentiwon w.
Gen anpil mak se vre,men sak pi enpotan se stil moun an,epi fòk moun nan santil byen ak sa lap mete a
Pa pèdi mezi a.Lè w ap achte yon mont li enpòtan pou konsidere dyamèt ponyèt la.
LG-Watch-Urbane