Pi bon remèd natirèl pou konbat bouton nan do

Aparisyon bouton yo relasyon ak yon desekilib nan òmòn epi alterasyon nan fonksyon glann sebase.Pou tèt sa gen anpil remèd natirèl ki ka edew,kontwole bouton sa yo anvan yo afekte bote po a.
Pa bliye eseye yo lakay ou!
1.Vinèg pòm
Vinèg la gen yon asid ladan,lè po a absobel li retire grès ak deche ki akimile nan po ki nan do a.Nati asid sa a kontwole pH po a epi edel kenbe aktivite glann sebase nomal.
Ki jan yo sèvi ak li?
Melanje pòm vinèg ak dlo epi fwote l nan do ak yon koton,repete sa chak swa anvan w al dòmi.
Apple_cider_vinegar
2.Myèl
Myel gen pwopriyete anti-enflamatwa ak antibyotik ki ka mobilize nan tretman akne yo.Sal konpoze yo ekilibre pH natirèl la ak diminye twòp segresyon nan glann sebase.
Ki jan yo sèvi ak li?
Mete yon ti myèl nan menw epi pase tout kote ki gen bouton yo,kitel fe 20 minit,fèl chak jou jiskaske akne yo soti
honey (1)
3.Bikabonat
Aplikasyon bikabonat sou po akne a ede pwòpte po yo,pandan y ap ekilibre lwil ak selil mo,li ideyal pou diminye bouton ak tach.
Ki jan yo sèvi ak li?
Mete yon ti bikabonat nan dlo oubyen ji sitron,pase nan tout do a,kite fè 30 minit apre rensel ak dlo frèt,fè sa 3 fwa nan semèn nan.
4.Lalwa
Se yon anti-enflamatwa ak anti-bakteri ki ka eden konbat vye kondisyon ki afekte bote sou po nou,li kalme iritasyon ak koulè wouj,li kontwole pwodisksyon lwil nan po yo epi favorize rejenerasyon nan zòn ki afekte ak akne kwonik.
Ki jan yo sèvi ak li?
Pran yon bon kantite lalwa,kale yo epi fwote yo nan dow,kouvri tout zon ki afekte a epi kite fè 30 minit,apre rensel ak dlo frèt,ititlizel chak jou pouw ka kontwole bouton yo.
Split_Aloe
5.Farin avwàn
Li retire deche ki nan pò a epi li kite pi swa,idrate ak pwòp
Ki jan yo sèvi ak li?
Mouye yon ti farin avwan nan dlo oubyen lèt apre fwotel kote ki gen bouton yo,kitel fè 30 minit apre rensel ak dlo cho,itilizel 2 ak 3 dwa nan semèn nan.