5 Mit ki kenbe ou sèl ak dezespere

Anpil fwa se lè nou santi linivè a kont nou oswa pou yon jès afeksyon,renmen ak konfò nou pa jwenn.Pwoblèm lan chak fwa w santiw mal sitiyasyon an ap ogmante pi rapid.
Siw santiw konsa kiten diw kew pa pou kont ou,kiten diw se yon move tras,paske sa pase tout moun pou yon lè yo santi yo sèl.
Vye panse sa yo gen orijin yo nan mit ki fèw santi yon pati nan ou ale,ou toujou santiw manke yon bagay.Isit la nou kite kèk nan mit ki fèw santiw pou kont ak dezespere.Nou tout fè fas ak mit sa yo li te mèt yon fwa,menm sil pa fasil,ou ka konbat li siw deside.
1.Mwen toujou ap echwe
Erè se yon bagay imen,nou tout pase moman kote yap tan anpil bagay de nou men nou pa rive fè minimòm efò poun ta fè kè fanmi,mari,pitit,zanmi kontan,ou pa dwe santiw limite ak ekperyans ou fè,nou konnen sitiyasyon ki represante yon echèk fè w santi w san pozisyon.Men kwè w se yon echèk sèlman se yon erè w fè.Olye pou wap fristre pou yon erè ki pase,sonje echèk yo ap pòt viktwa nan moman ke ou sispan kwè nan tèt ou.Siw bay tèt ou pèmisyon pou fè erè,men pa rete nan li.
2.Mwen desepsyone fanmi m,mpaka fè anyen ankò
Sa se yon lòt mit ankò ki fèn rete sèl epi dezespere,se yon gwo bagay ki ka anpechew anvanse siw bal pouvwa,Kèlkeswa sikonstans ou,nou gen konfyans pa gen anyen ki ka fèw ale lwen fanmiw.Siw te gen pwoblèm ak frèw,sèw oubyen ou fè paranw wont,se fanmiw yo ye yap toujou la pouw,pa panse ba yo vag.Depi w bezwen fanmi w,avanse sou yo pa gen moun ki pral baw plis sipò nan kèlkeswa distans oswa sikonstans.
waiting-1086393_960_720
3.M pa konn sa poum fè ak lavi m,pa gen moun pou potem sekou
Tout moun ki gen yon rezilta te kòmanse san anyen,se poutèt sa ou pa janm dwe konpare reyisit moun ak ou menm ki fenk kòmanse.Kòmanse vwayaj ou epi jwi wout la,rive a se yon kesyon de tan,laj la pa gen pou wè nan sa wap fè,kounyea toujou bay tèt ou yon chans poul avanse,yon sèl bagay ou bezwen konnen se sa kap fèw tris la.epi retire enèji w.Lè sa klè pou ou,wap konn kijan pouw dirije laviw.Si w ap enkyete w paske w panse w pa gen okenn moun ki panse ak ou pa bliye nou tout gen yon moun bò kote nou,menm si nou pa janm wè sa paskel sanble deja yon pati nan lavi nou,li kapab patnè w,pi bon zanmi w,sè w,elatriye.
4.Mwen fin granmoun poum reyalize rèv mwen
Ou kwè pa gen opòtinite pouw ankò,paske ou wè moun ki pi piti pase devan w,laj se yon pòt pouw reyalize objektif ou se pa pouw rèt kanpe,plis laj ou genyen se plis ekperyans wap fè epi sa vò anpil,sonje li pa janm twò ta pou viv lavi ou te toujou reve a.Lap toujou difisil pouw fè premye pa,siw gen yon bagay nan tètou,kòmanse fèl pa gad dèyè.
5.Mwen bloke nan yon relasyon
Siw yon kote ou pa renmen se ou ki mete tèt ou la se pa moun,menm janw te chwazi kòmanse a,deside fini ak sa tou.Gen relasyon menm si pa gen lanmou ladan moun nan rèt la,li pè pou mal pa rivel,siw wè sa se lèw rèt ladan mal la ka plis pase paske pa gen lanmou ankò,pap gen krent epi nenpòt nan moun yo ka rive fè sak pa bon.
Depiw boulvèse lap parèt nan visaj ou,leve kanpe depi kounyea pa janm rèt tann anyen de okenn moun,fè tèt ou plezi epi pwofite chak jou pouw fleri kòw ak nanm ou.