Benefis tomat

Gen anpil rezon pou yon moun manje tomat,fwi wouj sa yo chaje ak vitamin,san grès epi yo pa gen anpil kalori,men se pa tout.Jodia nou pral diw kèk nan benefis tomat.Tomat la gen anpil vitamin A,B ak C,epi yo pa gen anpil grès ak kalori,li bon pou fè rejim.Li gen lòt pwopriyete tankou mayezyòm,fosfò,kalsyòm.
1.Konbat kont konstipasyon
Tomat se yon vejetal ki gen anpil fib epi li pa gen anpil kalori,kantite fib li genyen an fèl yon vejetal swa ki ede regilarize fonksyon entesten an ak fasilite pwosesis dijestif la,li redwi risk maladi nan etesten tankou kansè nan tip,depi kounyea pa neglije manje bon vejetal sa.
2.Evite pwoblèm nan kè
Gras ak vitamin A,E,C,li genyen yo.Moun ki soufri kè ta dwe pran ji tomat pi souvan,paske eleman li yo ede kontwole ak amelyore maladi sa.Li anpeche atak kè ak lòt pwoblèm kè nan moun ki an sante.
images
3.Tansyon
Kòz li se yon vejetal ki gen anpil potasyòm,sa ede kontwole tansyon an.Sa se yon pwoblèm anpil moun genyen,men ak ji tomat sa ka amelyore.
4.Pou swen po
Yon lòt benefis enpòtan nan ji tomat ankò li kontribye nan swen pou po,li evite enfeksyon sou po,li kenbe l pwòp san tach,akne ak maladi po,li kenbe po a byen idrate.
5.Pou alkòl
Ji tomat se yon bagay ki apwopriye pou tout moun ki bwè alkòl,paske li gen yon efè pou kalme fòs alkòl la,lap soulaje malèz la pi vit.
6.Pou rimatis
Gras ak kantite vitamin C tomat la genyen,si yon moun bwè ji sa pi souvan lap ranfòse sistèm iminitè l,konsa li prepare kò a,epi ranfòse defans li,se konsa ou ka goumen ak diferan maladi,tankou:rimatis ak enflamasyon.
organic-tomato-juice-1473360704tm1
Sa se benefis yon moun ki bwè ji tomat souvan ap jwenn espesyalman si w prepare l ak tomat fre,nan fason sa wap jwenn anpil eleman nitritif ak sibstans pou benefis kò a.Fè yon jan pouw fanatik ji tomat.