Benefis antrènman nan chat

Objetif la se aprann bay bèt la kèk prensib poul ka konn sa poul fè,li pa pale men li gen anpil konpran,otomatikman li konprann ou,lap fè saw dil fè a pa gen mistik nan sa,konsa nap konnen li gen yon lavi positif
kèk evènman negatif sou chat la ka lakòz estrès.
Men kèk ladan yo
 Lè pouw mete nan yon bwat
 Vwayaj nan machin
 Ale nan veterinè
 Lè pou bal medikaman
2017tourchatmhbrect-fb-58ecdf88cc203
Konprann kòman pouw aprann chat ou viv ak entelijans
Nou dwe aprann chat la lè nap mete l nan yon bwat poun sòti avèl se pa mal nap fèl,se yon bagay positif nan vil,li pa bezwen ap kouri ni kache dèyè kanape,men fòw pa fè bèt la pèw tou,karesel,fèl abitye avèw.
Pwosesis familyarizasyon an pèmèt chat la aprann ke bagay sa yo pa yon danje pou vil.An jeneral,sa wap aprann li yo pa gen okenn konsekans negatif ak pozitif,sa pral edew bal medikaman pi fasil.
Fòw toujou ap aprann chat la chak jou sa poul fè ak sa poul pa fè,se yon bèt ki sansib anpil se pou tèt sa nou dwe aprann li ak anpil sajès,si gen chen nan kay la pa kite l kouri dèyè paske depi chen an ap fèl pè li gen chans kite kay la.
Chat aprann itilize diferan varyete ak metòd.konpreyansyon metòd sa yo enpòtan anpil si nou vle enkli yo nan sa yo aprann.Poukisa nou ta vle pou chat nou yo aprann?,sa ap ede yo fè fas ak mond domestik yap viv la,kote nap gen anpil travay poun fè men lap pi fasil,tankou mennenl kay veterinè,bwose,bay yon medikaman,konnen kote li pipi,elatriye
08-06 (8)