Nou se jenerasyon ki vle viv izole ak nan tristès

Anplis ke yo”konekte”nan rezo sosyal ak telefòn entelijan tout tan,yon etid revele ke popilasyon ki gen plis ke 65 a 85 lane gen chans pou viv pou kont yo.
Enkyetid ak depresyon
Pwoblèm ki fè w toujou santin sèl se dezekilib emosyonèl tankou estrès,depresyon ak enkyetid.Li pa bon pou moun viv sosyalman izole.
Moun ki gen mwens relasyon sosyal gen maladi dòmi ak chanjman nan sistèm iminitè yo,ki lakòz òmòn Ki gen rapò ak estrès yo ogmante.
Konsekans izolasyon sosyal
 entèwonp moun nan dòmi
 anflamasyon nan vant,men ak pye
 Ogmantasyon nan pwodiksyon òmòn estrès
 32% ogmantasyon risk pou kriz tansyon
 Jiska 29% maladi nan kè
 Ralanti sou aktivite Metabolis
 Risk lanmò nan jèn moun ki poko gen 28 lane
loneliness-2308923_960_720
Pwoblèm akseptasyon
Solitid se yon pwoblèm akseptasyon,pè pale ak lòt moun.Pansew pou kont ou,rekonèt ou te echwe nan (lanmou,atachman elatriye),men se pa vre
Anpil fwa nou ka santi nou sèl ak tout nou antoure ak anpil moun,jiskaske nou konn ale lwen kèk moun ki pi pre nou.Se poutèt sa li esansyèl pouw konsilte yon terapis,sikològ oswa sikyat,pou ede w sòti nan ensètitid ki ankouraje izolasyon sosyal.
Rekonekte ak tèt ou,emosyon w,antoure ak zanmi pa kite santiman negatif touye w.Toujou gen espwa ke yon moun vle koutew epi vle genyenw nan vil.

Poukisa ou pa achte yon chen oubyen chat lèw santiw pa bon menm?,konsa wa eseye souri.