Kijan pou w manman yon timoun espesyal?

Nan vi a gen moun ki gen chans gen timoun ki pa janm bay pwoblèm ni malad gen lòt tou depi timoun nan fèt se kouri chak jou lopital ak li.
Manman sa yo deside pou yo yon senp manman,men ki tankou yon doktè,enfimyè,terapis,pwofesè,pandan yap ranpli wòl yo kòm manman.
Anplis yo dwe konnen kijan pou yo bay timoun nan manje se konsa tou poul konnen kijan pouw fè pale,chante elatriye
Konsèy pa janm twòp pou yon manman ki gen yon timoun espesyal
1.Pa imilye l,aprann li ak pasyans plis ke saw pa imajine
2.Jwe ak machin ak poupe ak li,mete yo pa ranje.
3.Anseyel poul endepandan,kitel manje pou kont li epi metel chita bò tab la tankou rès fanmi an oswa kitel chwazi sal vle manje a depil pap fèl malad.
unnamed-62-2-300x200
4.Bal fè kèk ti travay nan kay la egzanp;mete rad nan machin a lave,mete yo nan panye,ranje kabann,ranje jwèt.
5.Bay enstriksyon kout ak egzak tankou”jete sa nan fatra”,”chache soulye w”,”chita sou tab la.”
6.Rekonpanse l lèl fè siksè,pini l pou sal fè ki mal:Egzanp;Chak fwa li fè yon bon bagay,bat bravo pou li epi bal yon bo.Pinisyon?Trant minit chita sou kanape a san kanpe.
7.Fè bagay li renmen,ale nan pak,lanmè,legliz,bwè krèm ak li.Apre l fin manje,fèl fatige poul ka dòmi pi byen
Nou espere konsèy sa yo itil ou sitou siw gen yon timoun espesyal epi ou se yon manman espesyal tou,pouw ka gen fòs ak kouraj pou kanpe.konsa siw gen yon timoun espesyal nan menm w epi ou santiw pa espesyal,fòw fè efò pouw ka yon manman espesyal paske se pa ou ki ta vle timoun nan konsa men se lavi,aprann renmenl menm kòm yon timoun ki pa gen okenn domaj.