Kijan poum pran swen pitit mwen nan yon vòl ki long?

Anvan nenpòt vwayaj,li bon pouw ekplike timoun nan sak pral pase epi konnen sa yo pral fè tou.Espesyalman lè yap gen pou chita epi tache senti pou yo.Si timoun nan gen plis ke 3 lane,lap konprann,sil pa vle obeyi,lè yo pral bay enstriksyon vòl la petèt sa a fonksyone.
1.Konsidere pouw vole lè yo dòmi
Kèk timoun ka dòmi nenpòt kote,pafwa menm nan ayewopò a.Gen lòt ki pa fè sa,epi yo vin degoutan anpil nan moman pou retire lapèw.Mande tèt ou nan ki kategori wap mete pitit ou,lè se yon vòl lannwit,toujou bat pouw panse ak yon aktivite pouw fè nan avyon an ak timoun nan poul pa baw pwoblèm.
2.Pran avantaj pouw nan premye moun kap monte avyon an
“Koumye a,nou envite pasaje kap vwayaje ak timoun piti pou yo avanse”
Lè w tande mo majik sa,pran timoun yo,epi fè prese prese.Piske ou vin gen plis tan pouw ranje timoun yo,pandan yap mande pouw ba yo bò fenèt la,pandan sa wap ranje valis ou anlè a.
schiphol-338617_960_720
3.Premye plas yo pa pou tout moun
Nou paka refize premye plas yo,paske gen plis espas pou lonje pye,epi mete jwèt timoun yo,siw ap voyaje ak yon ti bebe se sèl espas nan avyon an ki gen chèz ti bebe nan avyon an,yo rekòmande si ti bebe a peze mwens ke 25 liv,ak si vòl la pral dire plis pase senk èdtan.
4.Aparèy yo bon men kas yo mal
Jan pouw kenbe vwayaj ou se pwogram fim,tande mizik,ak pwogram televizyon pou timoun,siw gen yon tablèt enstale yon aplikasyon pou timoun nan anvanw voyaje,li enpòtan tou pouw achte yon bon kas pou timoun nan ka tande byen sak nan avyon yo pa fèt pou ti zòrèy.