Li enpòtan pou limite timoun yo ak aparèy elektwonik

Lè timoun yo pase twòp tan ak yon aparèy elektwonik sa pa bon,paske yap konpwomèt sante fizik ak emosyonèl yo,pa panse se ede aparèy sa yo ap ede timoun nan developman se pi mal lap pi mal,yon timoun pa tèlman konnen kijan poul itilize teknoloji poul pa deranje santel.
Li enpòtan pouw rekonèt tout pwoblèm ki egziste lè yon moun itilize aparèy elektwonik pou anpil tan
1.Devlopman sèvo
Yon devlopman sèvo nan ekposisyon aparèy elektwonik ka akselere kwasans sèvo timoun 0 jiska 2 lane
ki asosye ak fonksyon egzekitif ak defisi atansyon,reta mantal,pwoblèm aprantisaj,ogmantasyon nan aji san reflechi ak manke metriz.
2.Devlopman Timoun
Pase twòp tan nan aparèy elektwonik oubyen abize twòp de teknoloji kapab limite mouvman,reyisit akademik,alfabetizasyon ak atansyon.
games-722105_960_720
3.Obezite
Se yon gwo pwoblèm lè timoun nan pase twòp tan ak aparèy elektwonik,li ka kòz anpil maladi tankou dyabèt,ak kè.
4.Dòmi
Anpil etid montre ke paran pa kontwole jan timoun yo itilize aparèy elektwonik nan chanm yo,timoun yo gen plis difikilte pou yo dòmi.Manke dòmi afekte pèfòmans akademik yo.
5.Atansyon
Anpil etid pwouve twòp itilizasyon nouvo teknoloji a ogmante pousantaj depresyon nan timoun,enkyetid,maladi lyezon,twoub bipolè,ak lòt pwoblèm nan konpòtman timoun nan elatriye.
6.konpòtman agresif
Lè timoun nan ekpoze vil sou entènèt la twòp,li vin ap chanje konpòtman,ou paka pale ak li,timoun renmen imite tout sal wè,gen jwèt ki gen anpil vyolans,gen timoun se yo sèlman yo gade,yo panse se bagay kap pase tout bon y al pratikel nan lekòl yo sou lòt timoun,ou bezwen kontwole itilizasyon ak navegasyon timoun nan sou mobil oswa tablèt.
children-1931189_960_720
Anplis ekspè yo di pase twòp tan nan telefòn se yon danje nan devlopman timoun nan.Yo di paran yo dwe plis pasif ak timoun nan pou yo ka kominike oswa gen kontak fizik ak lòt moun.