Enpòtans laj metabolik

Si laj metabolik ou pi gran ke laj nòmal ou,fè yon chanjman nan jan wap viv,chache chanje manje,fè egzèsis fizik chak jou,paske gendwa se jan wap mennen viw la ki pa bon,ou ka gen risk pou pwoblèm maladi.
Kijan pou redwi laj metabolik?
Jan nou diw la,premye bagay ou gen pou fè se chanje janw manje,epi fè espò pou metabolis la ka pi efikas,kote akimilasyon grès prale epi misk yo ap vin miskle.
22-1
Antrènman
Yon moun ki ka adaptel poul fè egzesis fisik chak jou gen plis kapasite poul gen yon metabolis ansante,antrènman pwodwi anpil segresyon òmòn tankou testostewòn,òmòn kwasans.Li bon pou yon moun ta fè espò li te mèt 30 minit chak jou pou fè metabolis la travay paske imajinew wap manje epi ou pa janm fè espò,grès la kap konsantre nan san ki ka vin kòz anpil gwo maladi,fè espò se lasante pa neglije fèl ou pa bezwen leve fè ou ka fèl janw kapab,fè ti mache lèw fin manje pa kouri kouche tann ou dijere anvan.
Nitrisyon
Yon metabolis efikas se lè yo bal bon manje,lap ka rekipere efò ki fèt yo,ou ka wè yon moun ki mens gen plis fòs ke yon moun ki gwo paske moun ki gwo a gen plis grès ki bal lòt maladi,ki fèl paka fè anyen mwens travay li fè se yon pwoblèm apre sa,nan sans sa laj metabolis moun sa ap pi gran ke laj nòmal li.
iron-zync-foods
Repo
Se yon bagay ki enpòtan anpil,li rekòmande pou moun dòmi 8 èdtan chak jou,yon bon repo se plis enèji moun nan ap ramase,pafwa bagay yo konplike nou konn menm pa rive dòmi aswè kòz travay pitit leson men lè n gen ti jou lib la oubyen moman poun dòmi an pa neglije sa.