konsome kantite kalsyòm kò a bezwen

Benefis kalsyòm yo plis ke sa yo fè pou zo a,se pa yon mineral yo jwenn sèlman nan lèt.Manje vejetal yo tou gen kalsyòm,gen moun ki pa konn sa,kalsyòm sa yo kouvri zo a yo fèl grandi epi rann li fò.
Nou dwe fè yon jan pou manje n toujou gen kalsyòm ladan poun ka anpeche maladi osteyopowoz
Manje ki rich nan kalsyòm yo se
Lèt
Fwomaj
Bwokoli se youn nan legim ki pi rich nan anpil mineral
Navè
Sadin
Epina
d2843-tipsdancaramenanambrokoliyangtepat
Epis ak fèy santi bon yo,pa sèlman fè manje a santi bon,men yo gen anpil eleman nitritif pou òganis lan
Piman gen 430 miligram kalsyòm,fèy romaren 315 miligram pou chak 100 gram
Yon jan nou ka pran kalsyon ankò se nan manje fri sèk,sin pa jwenn yo nou ka manje yo nan pen,yogout,salad,salad fri
mixed-fruit-cake-2123196_960_720
Siw pat konnen jodia ou tou konnen se pa nan sèl lèt nap jwenn kalsyòm,pa diw pa renmen yon manje sanw pa goute l,depi yon bagay kap bon pou kò a pwofite manjel,pa pèdi tan nan manje bagay ki pap itil kò a anyen.