benefis zaboka

Zaboka se yon fri ki gou anpil sitou se yon bon konpayon pou pen nan sosyete nou an,nan lòt peyi yo plis fè ji ak salad avè l.
Pafwa eske w janm panse ak benefis zaboka genyen yo?kontinye li epi wap jwenn enpòtans li yo
Li bon pou zye
Siw ta vle pa janm gen pwoblèm nan zye kòmanse zaboka depi jodi a,li evite katarat nan zye
Li gen vitamin E
Zaboka se sous vitamin E,lè n manje vitamin sa preske chak jou kò a ap pwoteje kont nenpòt maladi,anplis vitamin E a fè po a swa gras a pwopriyete antioksidan.
27449243835_17f07fd065_b
Li bon pou kolestewòl
Se yon konpoze ki kenbe nivo kolestewòl la ba,zaboka gen yon grès ladan ki bon pou kò a
Li bon pou sante nan bouch
Si gen moun ki renmen gade souri yo,lè sa a ou dwe konnen zaboka ap ede w pou yon bon souri epi eleman li yo ede rankontre epi detwi selil kansè nan bouch sanl pa afekte selil ki bon yo.
Ogmante absòpsyon eleman nitritif
Manje zaboka ap garanti absòpsyon eleman nitritif paske gen vejetal ak lòt fri gen konsome tout eleman nitritif yo.Yon envestigasyon montre ke moun ki manje plis zaboka ke yon lòt ki konsome mwens.
Li repare cheve ki gen pwoblèm
Nou te ka di se benefis sa ki pi popilè paske nan moman tout moun preske natirèl,anpil ladan yo di zaboka bon anpil pou idrate cheve sèk,opak gras ak anpil grès epi vitamin li genyen.