Retire grès nan vant ou ak bwason natirèl sa

Pou ka gen yon bon rezilta nan pèdi pwa oubyen plati vant lan,sa n pral pataje avèw jodia se yon bon remèd li ye.Bwason sa gen anpil engredyan ladan ki fò tankou radi,jenjanm,sitwon kote nou pral melanje yo ansanm òganis lan pral boulvèse,lap retire grès ki akimile andan vant lan,kap vin fèw wè se pa desan ou desan sèlman men vant ou plat tou paske se bagay ki pi rebèl pou ale.
2017-05-23-15-54-01
Kijan poun fè bwason mirak sa?
Engredyan
3 kiyè myèl
2 cm jenjanm
2 kiyè 1/2 poud kanèl
3 gwo sitwon
100 gr radi pike
horseradish-plant-root-big
Preparasyon
Graje jenjanm nan apre metel nan blendè ak radi a,radi pike a nou plis kwè se plant lan nap jwenn oubyen cheke nan makèt pou wè sin jwenn li an poud,pire sitwon an,melanje yo,blende tout ansanm pandan 2 minit apre sa mete myèl ak kanèl bwaze tout ansanm,apre li pare pou bwè,pa bwè anpil ni ak eksè,ou ka bwè youn oubyen 3 kiyè nan jounen an.Siw vle pi bon rezilta bwè l pandan 3 semèn san rate yon jou.