Maladi moun ka pran nan bèt

Maladi sa yo ka bay enfeksyon grav menm lanmò tou,gen moun ki konn pa santi anyen,li pi danje pou fi ansent oubyen moun ki gen defans ba sitou moun ki fè SIDA.
Bèt ki enfekte yo se èbivò,omnivò,kanivò prèske tout mamifè yo.Moun pran maladi sa nan bouch,konsomasyon nan vyann,legim,dlo,ze,lèt oswa lòt manje kontamine,kontaminasyon nan kouto kiyè ak fouchèt,epi finalman lè w manyen poupou chat san gan epi ou pa lave men w.Manje yo ka kontamine akòz kontak ensèk tankou mouch,ravèt elatriye kote yo te gen kontak ak parazit.
Sak pi grav la se kontaminasyon fetis la,transplantasyon ògan ak transfizyon san.
Sentòm parazit sa bay se:
Plis ke 80% enfeksyon an pa bay sentòm,ka gen kèk sentòm ki ka parèt nan premye ak dezyèm semèn apre moun nan fin antre an kontak ak parazit sa,kise:
Maltèt
Lafyèv
Doulè nan misk
Gòj fè mal
Maladi grav
Anflamasyon nan gangliyon lenfatik nan tèt ak kou
unnamed (1)
Sentòm nan moun ki gen defans ba,ka pi grav ke sa nou fenk diw yo la
Lafyèv
Maltèt
Konfizyon
Vizyon twoub
Kriz
Fòw al wè doktè siw santi sentòm sa yo,moun ki gen bon defans fasil pou geri ak medikaman
Prevansyon kont maladi sa
Prevansyon maladi sa enpòtan anpil nan fi ki ansent,li baze nan ijèn,evite manje vyan kri ni manke kwit,byen lave vejetal ak fri yo chak anvan nou manje,toujou netwaye jaden yo ak gan,evite kontak ak poupou chat,siw ansent fè yon moun ranmase poupou chat la pouw,pa manyen yon kote mouch te poze oubyen moustik,li fasil pou anpeche maladi sa ou pa bezwen fè kado chat la jis se mezi prekosyon pouw pran epi tout prekosyon an se yon bon ijèn.
Lave men w byen siw te chita atè,ou pa janm konnen atè a te ka gen gras poupou
Lave vejetal ak fwi yo byen
Lave tout kiyè,kouto kite gen rapò ak vyan kri anvan ou itilize yo nan lòt manje
Pa kite chat la sòt deyò poul al peche
Pou chat la ta enfekte men sak ka manke:
Sèlsi se premye fwa li enfenkte,paske depil fin pran premye vaksen an li ka resiste ak maladi
piga 3 semèn pase saw pa mennenl kay veterinè apre l fin enfekte
Pa kite asyèt sal plis ke 24 èdtan
Pa ranmase fatra atè san gan
Pa manye bouch ou san w pa lave men w
Pa bliye se pa chat la kap simaye maladi a paske bèt la gendwa tou kontamine kotel sòti a pa yon lòt bagay,sa nou te ka diw siw swiv prensip sa yo byen,wap evite maladi sa.