Benefis ble entegral pou lasante ak bote

Panda pwosesis ble a,yo elimine 40% nan bagay natirèl li yo sa vin fèl gen mwens eleman nitritif.Manje entegral ak ble yo rekonèt yo tankou bagay ki gen anpil benefis pou po.
1.Li founi yon kantite eleman nitritif:selenyòm ki gen nan ble entegral la gen anpil benefis pou po a jan nou te diw la,li nouri po a gras ak pwopriyete antioksidan selenyòm nan.
2.Pwoteksyon solèy:pwopriyete antioksidan ble a pwoteje po a kont efè solyèl ak lòt faktè ki nan anviwònman.
3.Li bay yon bèl po:ki moun ki pata renmen gen yon bèl po?siw manje ble wap gen yon bèl po,li gen vitamin E ak Zenk,ble a ap baw yon po bèl,ansante epi briye.
4.Li fè po a elastik:selenyòm se yon mineral ki fè po briye anpil,li aji tankou ajan natirèl ki fè po a pa vyeji bonè epi li konsève elastisite po a.
10-beneficios-del-trigo-integral-para-la-salud-y-la-belleza-1
5.Li konbat kont bouton:ble a gen anpil fib ladan ki netwaye kò a,li elimine toksin
6.Anpeche kansè po:seleyòm ki gen nan ble an anpeche kèk kansè po
7.Li founi enèji:vitamin B ble a genyen an bay kò a enèji li bezwen poul fonksyone nòmal,sa vle di kò a fonksyone pi efikas.
8.Li diminye risk maladi kè:si w mete ble nan lis manje nan semèn nan rete kwè lap difisil pouw malad nan kè
9.Ogmante lasante nan zye:vitamin E,Zenk diminye risk katarat epi li frennen pwogresyon pèt vizyon
Li tap bon pouw kòmanse manje ble depi jodia,siw pa remen pen ble,ou ka manjel lòt jan,ble a gou ak pwason,poul,bèf elatriye manjel janw renmenl lan menm bonbon ble genyen kounyea.