Edema nan figi

Figi a se zòn ki plis rale atansyon nan yon moun,lè l gen tach,bouton se yon pwoblèm,lè l anfle menm sa pi grav toujou,paske pa gen fi ki renmen figi won oubyen anfle.
Sak kòz pwoblèm sa menm?
Li pwodwi pa fakte ki kòz akimilasyon likid nan tisi yo,sa ka yon mank idratasyon,manke dòmi tou
Ou pa bezwen pè,ou gendwa an sante nan kòw epi ou leve maten figiw anfle,po zye yo preske kole,se pa paskew te kriye lannwit lan sanw pat konnen se paske òganis lan kenbe likid ou pa responsab anyen nan sa.
une_fille_comme_les_autres_jalouse_movie_ashley_smith-480x269
Pi bon bagay ou te ka fè siw leve ou jwenn ou konsa,se kouri al wè yon doktè pouw wè sal te ka fè pouw,nan kèk peyi se nan salon yo fè tretman sa yo,pafwa sa ka rive ou pa jwenn solisyon men gen kèk ti remèd ou ka fè lakay ou,nou konnen li deja remèd natirèl yo majik,yo pran tan nan wout men yo pot bon nouvèl.
òmòn yo gen anpil pou wè nan akimilasyon likid la,nivel pwojestewòn nan kise yon òmòn toujou ogmante nan jou anvan règ la,se yon bagay nòmal lè w gen règ pouw parèt anfle,gen remèd ki ka kalme ti pwoblèm sa yo kap fèw sòti lakay ou pi trankil.
fotono.4vinagremanzana
1.Bwè te pòm nan maten anvanw manje
2.Mete de bout konkonb sou zye poul ka desanflel
3.Mete yon mask jèl nan figiw,anvan sa metel nan frizè a
Remèd yo fasil epi yo pa chè.