Kisa edema ye oubyen retansyon likid?

Dapre fondasyon kè nan peyi Espay edema se twòp akimilasyon likid nan tisi yo,jan nou te diw deja li ka yon maladi konsa li ka pa yon maladi,li enpòtan anpil poun fè diferans lan poun ka fè tretman ki apwopriye a.
Lè sa konsidere tankou yon maladi li gendwa se pwoblèm sikilasyon,ensifizans kadyak,maladi fwa,maladi nan ren,lè l pa konsidere tankou yon maladi li ka yon senp dilatasyon nan vèn yo kote tanperati a vin wo,kit li se yon maladi oubyen li pa yon maladi tou de gen menm sentòm.

Sentòm:
Enflamasyon nan pye oubyen je pye
Diminye pipi
Ogmantasyon nan gwose
Remèd pou retansyon likid
Premye sa poun fè se redwi nan konsomasyon sodyòm paske youn nan sous akimilasyon likid la se sèl,li tap bon sin manje mwens sèlunnamed (53)

Evite fè twòp tan kanpe sitou yon kote ki fèmen epi ki fè cho,yon jan pou san ka sikile byen
Si yon moun gen tendans kenbe likid,yo rekòmandel nan moman li gen poul chita poul mete pyel wo,konsa lap evite san akimile nan pye a.
Lòt opsyon se medikaman pou ede elimine dlo ak sodyòm nan kò a nan pipi ak poupou
Chanjman nan manje yo
Toujou dapre fondasyon kè nan peyi Espay gen kèk rekòmandasyon pou amelyore manje yo,ki ka redwi retansyon likid la tou.
Pwodui abaz lèt tankou lèt,yogout oswa fwomaj nou ka pranl san pwoblèm depi yo pa gen anpil sèl,redwi nan manje fwomaj konsantre paske li gen twòp sodyòm.
Evite manje vyann konsève
Evite manje pwason nan mamit oubyen sak sale yo tankou mori
Fwi ak vejetal yo ka manje san pwoblèm depi yo pa gen sèl
Gen dlo mineral ki gen twòp sèl ladan,anvan nou achte fòn gade sil gen pi piti ke 50 miligram pou chak lit
Li rekòmande pou nou pa manje sòs(moutad,sòs tomat,mayonèz,elatriye) an reyalite se tout manje ki gen twòp sèl.Nou espere ou swiv ti konsèy sa yo konsa wap viv ak anpil sante.