Nouvo koulè pou cheve

Ou ta renmen al travay semèn sa ak yon nouvo”Look”ebyen li atik sa ak anpil atansyon.Kapasite ou genyen pou transfòme ak adaptasyon se pi bon zanmiw ki pou fèw chanje stil chak tan.

Gen anpil koulè ki alamòd nan tan sa men nou wè nan jou yo,moun yo plis ap mete yon koulè ki rele‘Wash-out’se yon koulè ki bay medam yo anpil pasyon nan jèn yo,kote lè sa pa tèlman rete apre kèk lave ou bay tèt la li prale,ou ka aplikel pou kòw oubyen ou al metel nan salon.

unnamed (28)
Youn nan gran opsyon ou ka fè pou mete koulè nan cheve a se aplike yon mask ki gen koulè pal ak pigman natirèl kap sòti lè w lavel,ou ka melanje koulè a tou siw bezwen parèt pi bèl toujou.

Siw vle fè mask la,wap lave cheve a pou ka retire salte,fè cheve a fè 4 pati epi mete gan aplike mask la,bay tèt la masaj.Lè ekspozisyon se 5 minit,siw vle yon koulè pi fonse kitel pou 20 minit.Lave epi rense cheve a apre yon tan
unnamed (29)

Gen sprays ki bay koulè tou men li pap rete pou anpil tan.Li bon anpil poun chanje stil chak tan fòw aprann jwe ak cheve a san pa panse ak anyen avantaj nan sprays la seke depiw lavel li ale.

Apre ou fin mèt koulè a wap parèt bèl anpil,yon nouvo moun