Sendwòm ki fè yon chat nève

Sendwòm sa yo karakterize pa kèk epizòd ki pa dire anpil tan,sa ka dire segond jiska minit,apre sa chat la ap potel byen.
Sendwòm sa se yon maladi ki ra kote bèt la santi yap atakel,yon bagay ki antre nan dol epi lap fè yon jan poul retirel,ou ka wè lap mòde kote li santi bagay la ap nwil la oubyen li niche l.
Sendwòm la se yon maladi ki afekte sistèm newo-miskile epi li ogmante sansibilite chat la.
Nou konnen chat la toujou trankil nan moman lè lap netwaye kòl,li pase anpil tan ap benyen jiskaske satisfe.Lè l pase plis ke tan li konn fè ap benyen an la nou ka di konsa gen yon bagay ki pa byen,youn nan konpòtman sa yo gendwa se sentòm maladi sa.
Lè chat la presante pwoblèm sa nou gen poun wè li gonfle tout kòl depi nan ke jiska tèt li
cat-758136_960_720
Sentòm yo se:
 Ajitasyon,estrès,konpòtman diferan.
 Agresyon
 Li kòmanse souke ke li fò
 Chat la ap eseye niche ke l jiskaske l mòde l
 Plim li yo gonfle
 Li kòmanse ap pèdi plim
 chat la sansib,lè w manyen l
 Li ka mòde tèt,atake ke l
 Nan ka grav chat la ka mòde pwòp tèt li
 Li ka gen kriz
Malerezman chat sa yo soufri chòk grav nan po,lap chache sekou ak raj.Fè atansyon ak chat ou a pouw ka anpeche maladi sa,si se nan kay li rete sèlman fè yon jan poul pa janm sòt deyò al nan vwazinaj.