Evite pitit ou vin twò gwo.

Manje gou se vre men bay timoun nan twòp manje pa bon,ni ba yo siwo pou yo manje

Yon bon alimantasyon:jiska 18 a 24 mwa,ti bebe gen yon alimantasyon ki diferan ak rès ane yo,timoun nan pa dwe soufri pou manje ni bal twòp manje,lè timoun nan ap goute manje granmoun nan laj sa lap vin yon ti jan difisil poul manje pal.Nan sans sa se pa sèlman pou timoun nan manje byen,men fòk manje a varye.
Pi bon jan ou ka aprann li manje se:
Pa fè timoun nan manje rapid epi tou pa janm kite lal lekòl san manje,ou ka bal fè yon ti goute nan paw la nan manje mini,aprann li manje dousman,pa kite televisyon ouvri lè wap bal manje.Si wap bal yon nouvo manje,pa ba lil anpil pou sil pa renmenl.
unnamed (21)
Retire sa nan tèt ou,depi timoun nan manje anpil sa pa vle di li byen manje,se kalite manje wap ba li a,bay tout tanw pou prepare manje,epi pa pliye fòk li byen kwit,depi timoun nan kòmanse grandi montrel kijan ou prepare manje epi fèl swiv,konsa lap tou aprann.
Egzèsis ak Repo pou konbati obezite:li enpòtan pou manje yo toujou nitritif,paske sa ap ede òganis timoun nan,sa ap aktivel epi ap edel repoze byen.
unnamed (22)
Toujou fè timoun nan dòmi byen,gen yon etid ki montre ke lè yon moun manke dòmi sa pwovoke obezite.Aktive timoun nan,mennenl nan pak,sòti avèl,pa kitel andan kay sèlman,fèl al kouri,fèl mache pou kòl ke pou wap potel,sa ap edel boule kalori,fèl fè espò.Pwoteje timoun nan pa vle di bay manje voyel lekòl men gen lòt aktivite pouw kòmanse fè avèl.