Rale lèt nan tete

Rezon pou rale lèt nan tete
Rezon yo anpil,paske chak manman konn gen yon pwoblèm diferan lè lap bay timoun nan lèt,men jodia nap jis pataje kèk avèw.

1.Si timoun nan malad oubyen li fèt anvan dat poul te fèt la
2.Pou soulaje enflamasyon
3.Lèw paka bay timoun nan tete,ou gendwa pa gen ase fòs oubyen ou santiw pa byen,ou jis ralel epi bay yon lòt moun bay li pouw.
4.Pouw ka sere lèt la pou li,lèw paka ba lil nan piblik
5.Pou bay lèt la kote yo konn fè kado lèt,sa gendwa pa fèt Ayiti men lòt peyi yo fè sa,siw gen twòp lèt ki toujou ap koule pafwa timoun nan konn pa menm vle tete ou gendwa deside al bay li kote sa.
4290460136_f217ee548e_b
6.Si wap pran kèk medikaman,ou rale lèt la anvan sa mèt yon kote.
7.Pou moun ki gen tete sanbib kòz timoun nan tete twòp
Gen anpil lòt ankò.Anvan ou kòmanse rale lèt nan tetew li te mèt ak menm w oubyen yon aparèy li enpòtan pouw konnen sa yo:
Toujou lave menw anvan ou metel nan tete a
Fè yon masaj nan tete a
Yon fwa manman an jwenn yon pozisyon konfòtab,tou dousman,li ka kòmanse rale lèt la.