konsèy pou ranje malèt

Verite a seke nou gen kèk jou kap tan nou,kote nou pral pran plezi,detann,jwe san panse ak anyen malèt la se mwens bagay poun ta panse avèl.

Nou dwe panse ak kèk bagay anvan nou fè malèt la
1.Konbyen jou nou pral fè?se pa menm bagay yon semèn ak yon mwa
2.kijan klima ye kotew prale a?
3.Nou dwe konn san pral fè koten prale a tankou,sin pral monte mòn,plaj,sòti pou dine paske nap bezwen rad diferan pou chak okasyon sa yo.
4.Pa pote yon gwo malèt,jis sak esansyèl la
5.Fè yon lis tout sa wap bezwen yo,pou se pa jou anvan wap ranje malèt la pou wap fè tèt cho
6.Panse siw bliye yon bagay,wa achtel kotew prale a
7.Yon lòt ti bagay ankò,pote 3 rob ki preske menm koulè pouw pa ale ak plizyè sandal
8.Mete sak pi lou yo sou kote malèt la epi lòt yo pa anba
9.Mete bijou nan pòch malèt la ak kilòt
girl-584388_960_720
10.Toujou kite yon ti espas pou siw achte yon bagay pandanw nan wout la
11.Sandal yo dwe ale nan yon sachè pou yo pa sal rad yo
12.Pote yon sachè pouw ka mete rad ki sal
13.Pa bliye krèm solèy,pote yon ti twous medikaman basik ou pa janm konnen,siw gen youn espesyal ou pran bat pouw pa bliyel.
Rad,objè,kew pa dwe manke nan malèt ou,linèt solèy,bout pantalon, soulye, mayo elatriye men pouw sonje tout sa yo fòw fè malèt ou byen bonè.

Denye fwa ou te al anvakans lan,ou te ale ak tout saw gen pouw ale?