Maladi chat ka soufri

Men kèk nan maladi yo
Alèji:Men jan bakteri oubyen viris afekte moun se konsa yo afekte chat yo tou,sistem iminitel manifeste menm jan tankou:grip,estènen,nen kap koule dlo,nen grate,zye grate elatriye.Li tap bon yon visit kay veterinè poul ka idantifye sentòm sa yo paske li se pwofesyonèl lap pi fasil poul idantifye kalite alèji sa yo ak yon analis.

d7c27fb4e1b17ecb8dbbc2dfcf8f7131

Nè:Se yon dezòd nann sistèm newomiskilè ki ògmante sansibilite kò a,kote kòl tresayi depi nan zepòl li jiska kel,li pi fasil pouw wè sa nan gato ke nan lòt bèt yo,sa anpil moun konn remake seke chat la konn ap bat poul pran kel kòmsi yon bagay ap nwil ladan,li konn ap chache mòde zòn sa li santi bagay la,yon bon analis tap bon siw wè chat ou a ap fè jan de bagay sa yo pouw ka konn sal genyen.
mainecoon3

Konjonktivit:Se enflamasyon manbràn zye yo,pa andan tankou pa deyò,konsa tou li ka asosye ak sentòm lòt maladi,se poutèt sa li toujou bon pouw al kay veterinè avèk chat ou,konsa lap detekte orijin ak kòz maladi bèt la,ou ka wè si chat la gen konjonktivit siw gade zye l byen ou wèl gen anpil twalèt,zye rouj,si anpil dlo ap sòti nan zyel epi popye li yo anfle,sa se sentòm pou chat ki gen konjonktivit.
DSC01455
Toujou sonje li pa bon pouw bay chat la remèd pou kòw,toujou swiv li depiw wèl gen yon bagay diferan mennenl kay veterinè.