Abitid kap ede w soulaje dijesyon

Pwosesis dijestif yo responsab pou absòbe eleman nitritif ki sòti nan manje yo,epi, an menm tan,retire sa kò a pa bezwen.Li enpòtan pou prete atansyon sou dijesyon lou.Siw mete abitid sa yo an pratik wap rezoud pwoblèm sa.

1. moulen manje yo byen
Yon jan efikas nou ka konbat dijesyon ou yo se pran 20,30 minit pou chak pla prensipal,mastike manje a byen epi manje yon kote trankil ede diminye difikilte pou dijere,menm si gen moun ki inyore sa manje gwo mozo manje se yon bagay ralanti pwosesis dijesyon an.Se poutèt sa, manje dousman, moulen chak mozo byen, diminye risk pou gaz, enflamasyon nan vant ak asid.

2. Evite itilize epis
Pou moun ki fè dijesyon lan ,li bon poul pa manje tout kalite epis paske genyen ki irite lestomak ak trip la.Moutad, lòt kalite sòs pike ak lòt bagay wap mete ki gen sodyòm irite lestomak ak vant lan,yo ogmante enflamasyon ak asid.

3. Ogmante konsomasyon fib
Manje ki rich nan fib yo se pi bon opsyon pou fè sistem dijestif la travay,eleman nitritif sa yo ini ak likid la pou yo fasilite eliminasyon sak pa bon ki nan trip la epi yo anpeche kolestewòl akimile,kontwole enflamasyon ak redwi konstipasyon.Nou pa dwe manje l twop chak jou paske li ka bay doulè ak dyare.

Nap jwenn yo nan:
Legim kri
Fwi
Sereyal
Nwa
Lèt vejetal

 

 

4. Modere pòsyon yo
Manje anpil pa sèlman ap fè w gwosi,ou pap ka dijere byen tou,gwo mozo yo irite lestomak la jan nou di w la,òganis lan vin miltipliye fòs poul dijere l vin gen doulè,enflamasyon ak akimilasyon gaz,Li enpòtan poun apran manje pa ti kal divise manje a 4,5 fwa nan jounen an.

6. Diminye konsomasyon nan manje grès
Manje,manje fri ak sak gen anpil grès se nimewo 1 pou yon moun ki gen pwoblèm dijestif.Akimilasyon nan sibstans sa a chanje fonksyon metabolik la anjeneral li lakòz enflamasyon,iritasyon ak doulè.

7. Limite konsomasyon kafe
Malgre ke kafe se yon bwason ki gen anpil benefis pou kò a, nan ka dijesyon lan li tap bon pou limite konsomasyon l,nan bwè twòp kantite li ogmante sekresyon nan ji asid la,konsekans lan se doulè.

8. Evite dòmi apre w fin manje
Dòmi lè yon moun fin manje se yon gwo difikilte ki vin bay pwoblèm dijestif,aksyon sa fasilite likid asid la pase nan esofaj la ki vin bay yon sansasyon lou.

Siw swiv tout ti konsèy sa yo,nou pa kwè wap janm gen pwoblèm dijesyon