Abitid sa yo sal cheve

Siw bezwen cheve w rete pwop pou yon bon tan,evite fe sa yo

1. Bwose cheve a depi nan rasin
Li enpotan pou w bwose cheve a chak jou,poul ka rete ansante,men nou dwe fel nan mitan jiska pwent lan pou gres ki nan rasin nan pa simaye tout ko cheve a,fe sa ak yon bwos plat ki gen dan natirel,plis nou manipile chve a plis li sal,sispann touche l ak men nou ki gen gres ko a oubyen res krem,pwodwi nou te sot pase.

2. Domi ak cheve lage
Yo toujou rekomande pou moun pa kite cheve yo lage pou yo domi,fe yon chou,trese yo,mete bone lide a se pou yo pa rete lage,pa al domi ak cheve mouye,seche yo anvan w kouche.

3. Achte chanpou ki pa bon epi itilize l mal
Jan yon moun mete pwodwi enpotan pou cheve a ka rete fem ak pwop,jis lave cheve a ak chanpou 2 fwa le l sal anpil,sak enpotan se fwote chanpou a nan po tet la ak pwent dwet yo san zong yo pa touche po tet la,res cheve a ap netwaye le kim nan pase nan yo.

 

 

4. Le peny yo pa janm lave
Menm si peny yo paret pwop,men depiw pase yon bwos ladan yo ,ou pap pa jwenn yon res cheve oubyen pwodwi,se poutet sa li enpotan pou yo lave pi souvan,se pa le w wel nwa pou l lave.

5. Pa pase rens ak mask
Cheve yo toujou bezwen byen idrate,chak enpotan se chwazi pwodwi ki bon kap idrate cheve a,chak tan wap lave l pase rens ak mask oubyen tretman le l dezidrate anpil,yo pa bezwen rive nan rasin cheve a.

6. Chofe dlo pou lave cheve
Yo toujou di dlo fret fe cheve yo briye,se vre dlo fret la fe cheve a briye,men si cheve a sal anpil,lave l ak yon ti dlo tyed anvan pou gres yo ka soti,apre rense l ak dlo fret.