Poukisa li bon pou pa kale fwi yo?

Lè fwi yo manje san po,anpil nan eleman nitritif sa yo pèdi,se yon jan tou pou evite manje bakteri,men pa bliye fòk yon moun toujou lave fwi yo anvan yo manje l.Wi nou ka manje fwi yo ak tout po,nap jis lave yo ak anpil dlo pou retire salte li genyen yo,yon fwa li pwop nou pral jwi plis eleman nitritif ak plis fib lè nap manje l.
Po fwi yo gen plis konsantrasyon fwi,men lè n manje yo ak po nap fòk nou moulen yo plis paske kò a ap pran plis tan pou l dijere l,sa ap redwi nan apeti nou tou.

Epitou,anpil fwi konsantre eleman nitritif valab sou po yo,gen lòt ki pwoteje vitamin ak mineral ak po yo,sin retire po yo nap pèdi anpil bagay ladan.

 

 

Nan yon lòt bò fib redwi endisk glisemi nan manje fwi ak po,menm jan po fwi a ka ede redwi kolestewòl nan ko a.Gen anpil fwi ki ka manje ak po depi li byen netwaye,men gen lòt ki paka manje ak po tankou:zoranj,chadèk,mandarin,nan sans sa se pou nou konseve pifò manbràn nan kise pati blan,li ant po a ak vyann nan paske se la nou jwenn pifò fib ak eleman nitritif yo.

Yon fwi pou pi piti chak jou ap fè kò a byen,pa neglije manje l,ou ta dwe manje ak po pou jwenn yon manje nitritif epi an sante