7 Rezon pou kite pase dèyè ak padone

Padon pa vle di bliye se jis lage blesi a,men padone se yon bagay basik poun ka viv ak kè kontan,padone pwòp tèt nou fèn avanse pou pi devan ak plis konviksyon pou viv.

 

Ann fè yon ti refleksyon sou sa
Lè yon pòt fèmen,gen yon lòt ki ouvè.Men,anpil fwa nou rete kanpe devan pòt fèmen an pou anpil tan san ke nou pa janm ka wè lòt pòt ki ouvè sou kote a,gen bagay ki pase pifò nan nou ki pat menm nan plan n,nou plede jije pwòp tèt nou,san ke nou pa rann kont pafwa ke bagay sak pase a sete yon byen,li gendwa yon maladi,yon vye nouvèl,yon chòk ekonomik,siw vle avanse ou pa dwe ap panse ak pase,se jis pran kontwòl la epi chanje chemen,mete w pozitif,sispann pote plent,Konsantre sou bagay ki bon ak konpreyansyon pouw ka avanse,pa bliye pawòl defini avni ak reyalite.

 

Ki moun ki paka padone lòt moun?se kraze pon pou l pase
Pou kite pase pou avanse,pafwa nou chwazi pè ki vin zòn konfò nou epi jwa fè n sote,nou pase jou,semèn,mwa ,ane ap panse ak yon sèl bagay nou vin sòti pa regle anyen,lide a se pouw itilize sak pase a tankou yon pon pou pwofite lòt bèl sitiyasyon,si yo tire wòch sou ou itilize yo pouw fè yon miray pa gen lòt moun ke ou ki achitèk ak mason pwòp vi w,solisyon an nan men w,kòmanse padone tèt ou pou sa lòt yo te di w,ou kenbel nan kèw,apre sa padone yo,fè yon lis gade kisaw vle elimine nan tèt ou ak ki moun pou padone,pa neglije fèl se pou byen w.

 

Lè yon moun padone se pa pase lap chanje,men se fiti l
Se pa favè ou fè yon moun lèw padone l,tout benefis yo se pou ou, rayisman, kòlè, resantiman, doulè pou yon lòt moun pral sèlman pote depresyon,fristrasyon ak anpil blokaj nan lavi w,sa ka fin rann ou malad lèw kenbe tout chaj sa yo sou do w,se pa sèl vi w yap afekte,relasyon fanmi,travay,sosyal ak zanmi wap viv,lè blesi sa yo geri wap lib tankou yon zwazo.

 

Pa kite okenn moun diminye oswa degrade lespri w nan fè w rayil
Pafwa nou tèlman imilye epi trayi,pa gen lòt chwa se antre nan po nou,san n pa konn si gen lòt moun ki egziste menm bon sitiyasyon nou pa pwofite,nou pa fleksib, nou pa vle chanje,ou dwe padone pouw avanse nan vi a,bagay sa yo pap mennen pyès kote.

 

Abandone vle di rann tèt ou,abandone tout bagay nan men Bondye egal se kwè
Tout bagay nan lavi gen tan ak lè yo,pa gen ni anvan ni apre.Siw deside bay jistis pou kò w,ou echwe,ou pa dwe peye ak menm lajan an,repare tout ti rasin ki pwovoke doulè,tristès,soufrans ak lapenn nan laviw,gen konfyans tout bagay ap rezoud,siw aji byen,lavi a ap fèw kado byen,viv positif ak lanmou ke pou konsantre w sou sak pase deja,remesye ekperyans yo avanse positif,pa bliye lanmou ak lafwa deplase mòn.
Avanse pou pi devan,pa gade dèyè menm siw swaf dlo,pi devan dlo a ap koulè pi vre