Sèks gen enfliyans li nan yon relasyon?

Yon bon relasyon nan yon koup gen pou wè plis komanw santiw ,siw wèw enpòtan pou moun nan,si moun nan epòtan pou ou tou.Pou yon relasyon fonsyone sa depann laj moun yo tou,kantite tan yo gen ansanm,enterè komen anplis priyorite lavi,kòman kominikasyon an ye.eske youn ka pale ak lòt san pa gen fache?

 

Si nou pran laj kòm yon pwen,nou ka reyalize ke sèks enpòtan nan kòmansman relasyon an, menm jan tou li se yon bagay basik,lè yon moun nan laj jèn,li pa gen tèlman responsablite pou ranfòse lòt bagay tankou kominikasyon, respè ak senpati.Tant tan ap pase ap vin gen yon relasyon ki estab, priyorite yo ap chanje pati fizik la ap vin gen mwens

 

enpòtan,ap gen plis kominikasyon,bon objektif ak enterè komen.

 

 

Yon lòt pwen yo konsidere se si yon koup se sou sèl sèks li kanpe men yo pa fè anyen ankò ni pataje lide yo ke lòm nan paka viv san kominikasyon sa se pa yon relasyon ki gen fiti.Yon moun toujou bezwen santil pwoteje,renmen pa yon lòt se pa sèlman bezwen fizik ki enpòtan.

 

Plen aktivite ou ka fèl ak mennaj ou san ke sèks la pa vin parèt yon priyorite ,ke sèl bagay ou ka fè se sèks pou kenbe relasyon an,ou pa sipoze chak tanw pral wèl lakay li se nan chanm pouw chita.Ou ka fè piknik,al wè yon zanmi avèl,al bwè krèm,gade fim ansanm.Sak pi enpòtan se respè youn pou lòt.
Nan yon relasyon pa rete sanw pa pale,pa kite vle lide anvayiw siw pa konpran mande pou yo ekplikew pou sa pa vin yon pi gwo pwoblèm demen.