Jan yo ka diminye ak desann vant lan?

Sonje lè wap fè abdomino,ou pa dwe santiw raz.Mete mizik epi kòmanse ak woutin ou,vant pla se pa maji nenpòt moun ka genyen l depi gen volonte.

 

Kijan pouw fè abdomino?
Kòmanse fè 7 kalite abdomino chak jou,chak tan wap fè plis toujou,lèw rive nan 25 abdomino,ou ka kòmanse fè 3 kalite nan 7 abdomino chak jou.
Gen anpil lòt egzèsis debaz pou vant.Li efikas pou travay tout ak chak misk nan vant lan pou yo ka gen fòm

 

Egzèsis No 1

 

Kouche ak men w dèyè tèt ou epi koube jenou yo
Separe zepòl yo pouw ka eseye touche jenou w ak tèt ou
Ou dwe respire lè wap monte epi ekpire lè wap desan

 

 

Egzèsis No 2

 

Ak egzèsis sa a wap travay misk oblik yo
vant,ak ranfòse anch.
Kouche atè a
Leve tou de jenou yo ansanm eseye fè yo touche pwatrin nan
Pran souf apre chak mouvman