Fè yon ti jwe anvan nou antre nan relasyon seksyèl

Kò a dwe prepare,plis ankò sansib,ap gen pi bon eksitasyon.Touche zyè ak pran sant yo se kle ki responsab pou voye mesaj nan sèvo a,pou prepare ògàn seksyèl yo pou eksitasyon.

 

Konbyen tan sa ta dwe fè?gen moun ki aktive pi rapid ke yon lòt,men nan 20 minit yon moun ta sipoze bon sou sa
Ou pa konn sa pouw fè?nap pataje avèw kèk ti bagay

Voye yon mesaj egsitan anvan wal rankontre ak moun nan,dil saw ta renmen fè avèl,ekplikel ou kite yon sipriz pou li,ou pa bezwen bay mesaj yo klè.

Degize,bat pouw mete lòt aktivite nan jou a,ou ka chwazi fè yon stritiz,kreye yon jwèt,bouche zyèl oubyen minotel,fè lanmou sinifi jwe tou,bay yon bo kap koupe souf,ou ka pase anpil tan ap bo se pi bon gazolin ou ka bay

 

kò a se yon etap inevitab.
Masaj sansyèl,rilaks,eksite,melanje ak kèk bo ak flè ròs se ap yon espesyal ou pat panse
Chache pou nou tou de a ap jwi moman,lide a se kòmanse ak yon karès nan tout kò a poun ka detan nou,kote nou ka fè sa se nan vant,kou,soryè,si moun nan gen yon kote nan kòl,depiw touche li pèdi tèt li se lè sa pouw pwofite aktivel
Fi ak gason diferan,gason an egsite pi rapid fi a pran plis tan poul ka ògmante anvi seksyèl li.

Sak enpòtan se youn lòt gen yon kominikasyon pou fi a ka di ki kote ki ka fèl egsite pi vit,konn sal renmen epi kòman li renmenl sa enpòtan anpil pou tou de moun yo.