Règ pou itilize bijou

Anpil fwa nou vag nan moman pou nou mete bijou lè poun abiye,nan tan sa yo fè preske tout kalite bijou yon fi te ka bezwen men se pa tout kap fè yon moun byen ni ale ak tout kalite rad.
Sa nap bezwen poun fè lè nap achte?

 

Deside: Zanno oubyen Kolye
Premye règ la:Pa mete tout ansanm,sa depan ki rad wap mete a ou dwe chwazi si se kolye oubyen zanno a sèlman pouw mete,si kou rad la konplike anpil chaje mete yon zanno ki pou eveye figiw.Pou moun ki gen figi won ti zanno ak sak pandye yo se kle,se stil zanno sa yo kap fè figi moun nan parèt fen.

 

 

Chwazi sou fòm rad la
Sak enpòtan pouw konnen se ki kalite kou rad la ye,pigaw janm itilize koulye twò sere,lap fè kouw parèt kout,si se yon rad kou fenmen ou mete oubyen kou won,kolye ki pa depase pwatrin nan ap yon bon opsyon.

 

Braslè dapre rad la
Menm si braslè a ap leve stil ou men li gen ti sekrèl tou kise rafine ponyèt fi a,pwoblèm nan siw itilizel mal ou pap jwenn bote li gen ladan,siw mèt yon rad ki sere anpil ou ka itilize plis ke 2 ti braslè,si se yon rad lach ou ka mete anpil braslè nan ponyèt ou poul ka levew plis,gwo braslè yo itilize sèlman ak rad san manch oubyen mayo san manch.

 

 

Pa melanje lò ak ajan
Siw anvi chanje”Look”gen lòt jan ou ka fèl,yo pa rekòmande pou 2 koulè sa yo melanje,pigaw jan eseye fè sa wap kraze chelbèw.

 

Koulye Fantesi
Nan jou yo se preske modèl bijou sa yo moun itilize plis,pou plizyè rezon swa pou volè oubyen pou yon lòt rezon
men sa enpòtan poun konn kijan poun konbine yo,se pa tout ki ale ak koulè moun ni rad,pa mete plizyè koulè kolye ansanm ki ka vin fè mastòk nan kouw toujou bat pouw abiye desan.