Kèk rezon ki bon pou timoun yo apran naje

Dapre Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi”nwaye okipe senkyèm plas nan prensipal lanmò aksidan envolontè nan peyi Etazini”,menm si timoun 4 lane a pa konn naje li fasil pouw wèl bò yon pisin pou kòl san siveyans okenn moun sa se yon danje.Li enpòtan anpil pou yo aprann yon timoun naje depi piti konsa lèl rive nan laj avanse lap pi fasil pou li.

Malgre tout bagay sa,sa paka anpeche timoun nan pa nwaye,eseye bati yon kloti nan tèt timoun nan poul pa al bò pisin nan pou kòl ni ak timoun menm jan avèl.

Gen 11 rezon pouw mete timoun nan dlo

1.Devlope plis konsyans ak respè pou dlo
Jan nou te di w la,nan sans respè pou dlo a,yon timoun bezwen aprann konsekans ak danje ki genyen lè yo rete twò pre pisin lan,Li ta dwe tèm prensipal nan kou natasyon.Mesaj sa mete plis atansyon nan timoun yo sou risk ki gen nan dlo.

 

2.Benefis sante nan fiti
Sitou jodi a nan yon mond ki plen fo enfòmasyon ki pa bon pou sante timoun yo,se yon bagay nòmal lè yo jèn pou yo gen bon sante,apre yon klas natasyon timoun yo vin san fòs tèlman yo fatige,sa se yon bagay ki ede yon paran ki pa gen pasyans paske li pap jwenn timoun nan ki pou nwil.

3.Kowòdinasyon,ranfòse misk ak fleksiblite
Natasyon se yon woutin antrènman ak fòs,ki se kle pou bon fleksibilite.

 

4.Devlopman sèvo
Pou ti bebe,jis santi teksti ak tanperati dlo diferan ak men l ‘se yon eksperyans kap ede devlopman sèvo a.

5.Entèraksyon sosyal
Natasyon nan yon laj byen bonè gen anpil pou wè ak entèraksyon sosyal,ansanm ak lòt timoun.Yon bon pwofesè natasyon chante ak jwe ak timoun yo pandan yo nan dlo a.

6.Asosye
Pase tan nan dlo a kreye yon inyon ant timoun nan ak pwofesè a,sa fèl santi li pwoteje epi an sekirite ak yon moun nan mitan yon dlo konsa.

 

7.Estabilite
Woutin natasyon an se yon lòt zouti ki bay timoun nan yon sans de estabilite nan lavil.Sa a se yon aktivite òganize ki planifye,kreye yon sans de konsistans esansyèl pou bon konpòtman.

8.Bati konfyans
Natasyon pa diferan de lòt espò yo,men li ede timoun nan bati konfyans nan tèt li.Lè yon timoun ap aprann naje sa grandi konfyans li.

9.Detant
Timoun yo detann nan dlo a sèlman lè yo santi yo an sekirite ak li,yon bon enstriktè oswa paran se esansyèl pou ba yon bon anviwònman lapè nan dlo a.

10.Bati disiplin
Tankou nenpòt ki espò oswa fè egzèsis,naje antre nan lavi yon timoun pa sèlman pou kondisyon fizi,men li edel nan amelyorasyon pou pratike disiplin.

11.Konpetisyon
Aprann naje Depi byen bonè,bay ase tan pou timoun nan adapte nivo konpetans li.Sa a ba yo potansyalite pou konpetisyon,anmentan kap bati disiplin timoun nan.