Benefis lèt zanmann

Li gen yon antioksidan natirèl ki ede anpeche kansè ak ralanti pwosesis vyeyisman.Li gen anpil fib natirèl nan sans sa a li pwoteje ni entesten an,li bon pou trip,li ede regilarize sik ak kontwole nivo kolestewòl la.

 

Lèt zanmann se yon lèt nitritif ki genyen nan tan sa a pou moun ki deside pèdi pwa,li regilarize kolestewòl jan nou di w la,li bon pou moun ki soufri gaz,ou ka mete l nan rejim ou.

 

Li ede moun ki gen kolestewòl ak trigliserid,amelyore nivo kolestewòl ki bon nan san an epi redwi kolestewòl ki pa bon yo,li ranfòse sante kè a.

 

Li bon pou trete dyare ak vomi paske li gen anpil potazyòm,li ede rekipere mineral ki pèdi lè yon moun malad.Li gen vitamin B2 ki bay zong ak cheve yo fòs ak bay po a yon idratasyon.

 

Se yon lèt ki gen sibtans chimik natirèl,li pa bon pou moun ki gen fonksyon tiwoyid ki ba.Li enpòtan pou nou bwè l chak jou,li pa gen efè negatif pou moun tiwoyid yo ap fonksyone byen.